Ou Fè M Dekontrole • Ejay Michel

ADDED BY TIZER (APR 10, 2014 AT 5:14 PM) 20,847 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2014
Featuring: RD Muzik

[Intro]
Ou dekontrole m beautiful baby
Ou elektrize m beautiful darling

[Verse 1]
Gen fanm ou wè an verite
Ou konn panse ke wap reve
Fanm nan li tèlman byen kanpe bout anlè l bon, bout anba l bon
Pa mande si l byen edike
Li konn pale l konn abiye
Ou gen yon fanm konsa bò kote w
Pa ezite di l

[Chorus]
Cheri jan w mache fè m dekontrole
Jan ou abiye fè m dekontrole
Cheri jan w pale fè m dekontrole
Sanble w fè sa innocement
Ou fè m dekontrole
Jan ou abiye fè m dekontrole
Cheri jan w pale fè m dekontrole
Ou byen w fè sa volontairement

[Verse 2]
Gen fanm ki gen charme captivant
L'ap sedwi moun san l pa konnen
Gen lòt ki fè l volontairement
Li ka fè w fè sa w pa vle fè
Mwen kwaze w cheri recemment
E mwen pa kè pou m di w franchman
M'pa pral chita ba ou manti
Cheri w banm anvi

[Chorus]
Cheri jan w mache fè m dekontrole (Fè m dekontrole)
Jan ou abiye fè m dekontrole (Cheri w twouble panse m)
Cheri jan w pale fè m dekontrole
Sanble w fè sa innocemment
Ou fè m dekontrole (Cheri w dekontrole m)
Jan ou abiye fè m dekontrole (Santi tèt mwen ap vire)
Cheri jan w pale fè m dekontrole
Sanble w fè sa volontairement

Jwèt la gate, EJ ou nan biznis wi laa
Ou konnen, m'pa vinn pou rete non mwen menm
G'on bagay ki di'm se ekspre w fè babe
W'ap vinn pran pòz inosan w
Manmzèl tankou yon poupe k' fèk dekachte

[Refrain]
Sa pa rive souvan pou m kontre yon fanm ki dekontrole m
(It's my first time baby, first time baby, non non non)
Sa pa rive souvan pou m kontre yon fanm ki dekontrole m
Baby, baby, baby

[Verse]
Mwen te ka di w ke mwen renmen w
Mwen te ka di w ke mwen damou w
Feeling sa pa yon lanmou
Ou dekontrole m
Mwen te ka di ke wap fè m fou
Men ou tande sa tou lè jou
Feeling sa pa yon lanmou
Ou dekontrole m.

[Refrain]
Sa pa rive souvan pou m kontre yon fanm ki dekontrole m
Sa pa rive souvan pou m kontre yon fanm ki dekontrole m