Il Est Ou Le Bonheur • Disip

ADDED BY PHKATHIUS1 (JUN 19, 2019 AT 1:21 PM) 9,453 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Loreya
Year: 2019

[Intro]
Il est où le bonheur, Il est où? Il est où?
Il est où le bonheur, Il est où? Il est où?

[Verse 1]
M'fè anpil fi anpil plezi
M'panse se sa'k te lavi
Mwen jwe mizik, fè moun souri
Reyini lanmou'k pèdi
M'pa janm kontan men m’fè sanblan
Efò m'ap fè pou'm griyen dan'm
Se chak weekend mwen pran plezi
Pou'm ta kontan sa pa sifi
J'ai fait mon mieux à coeur ouvert
Deprime nan chèche bonè
Dezespere pou'm neye chagren
Poutan'l mennen'm pi lwen renmen
Mwen fè sa'k byen, mwen fè sa'k mal
Menm rive kouche lopital
M'ap kontinye chante bèl pawòl
Jouk mwen avè'l kontre zepòl

[Chorus]
Il est où le bonheur, Il est où? Il est où?
Il est où le bonheur, Il est où? Il est où?
Il est la le bonheur, il est la. Il est la.
Il est la le bonheur, il est la. Il est la.

[Verse 2]
Anpil sware san zanmi
Youn pa rele ni pa vini
Tout sware n'wè'l lè n'ap souri
Pou'n pwoteje'n de sousi lavi
Tout chèz vid sa yo ranpli nou
Sila lavi pran nan men nou
M'ap kontinye chante bèl pawòl
Paske avan te miyò

Bonè s’on bouji ki limen
Pa ri fò pou'l pa etenn
S’on bagay tout moun ta renmen atenn
Men domaj se apre'w konnen'l te la

[Hook] 2X
Il est où le bonheur, Il est où? Il est où?
Il est la le bonheur, il est la. Il est la.

[Bridge 1]
Tout lavi'm m'ap chèche ou
K'on zo nan kalalou
Fè tout sa'k bon nan lanmou
Men'w pa janm di bonjou
Sakrifye'm, menm al byen lwen
Pou'w ka sere'm lanmen
Chèche, an bouke chèche
An pe pa twouve

[Hook] 2X
Il est où le bonheur, Il est où? Il est où?
Il est la le bonheur, il est la. Il est la.

[Bridge 2]
Ase souvan Gazzy ap souri
Pou solitid mwen pa detwi'm
Chak weekend m'met moun nan lajwa
Mwen toujou bay Bondye glwa pou sa
Moun ki san mak, moun mwen renmen
Youn pa kote'm pou lonje'm lanmen
Sa ki kite'm ak sa ki lwen'm
Chèche bonè, m'pa janm wè bonè

[Refrain] 2X
Chèche, chèche, an bouke chèche
Twouve, twouve, an pe pa twouve

[Bridge 2]
Ase souvan Gazzy ap souri
Pou solitid mwen pa detwi'm
Chak weekend m'met moun nan lajwa
Mwen toujou bay Bondye glwa pou sa
Moun ki san mak, moun mwen renmen
Youn pa kote'm pou lonje'm lanmen
Sa ki kite'm ak sa ki lwen'm
Chèche bonè, m'pa janm wè bonè

[Refrain] 2X
Chèche, chèche, an bouke chèche
Twouve, twouve, an pe pa twouve