En 2,3 Mots • Karizma

ADDED BY PHKATHIUS1 (MAY 3, 2019 AT 5:59 PM) 8,395 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: 4 Kwen
Year: 2019

Karizma
Emmery

[Verse 1]
An de twa mo, kite mwen eksplike’w
Kisa m’santi pou ou, feeling mwen gen pou ou
Mwen kwè nan ou tankou m’kwè nan Bondye
Anyen pap separe’n paske se ou mwen vle

[Chorus]
(Ou genyen’m)
Cheri m’nan pla men’w
Fè sa’w vle avèk mwen
Bebi pwoteje’m byen
(Ou genyen’m)
Cheri m’nan pla men’w
Ou se bwat sekrè mwen

[Verse 2]
An de twa mo, ou se bonè mwen
Ou se fyète mwen, ou se bon anj mwen
An de twa mo, tout dout mwen efase
Depi ou bò kote’m bebi tout bagay ok

[Chorus]
(Ou genyen’m)
Cheri m’nan pla men’w
Fè sa’w vle avèk mwen
Bebi pwoteje’m byen
(Ou genyen’m)
Cheri m’nan pla men’w
Ou se bwat sekrè mwen

Konpa
Karizma
Original bon bagay la
Cheri

[Refrain]
Oh oh, cheri’w fè’m kwè nan lanmou
Oh oh
Oh oh, cheri’w fè’m kwè nan lanmou
Oh oh

[Hook] 2X
Cheri fè’m prizonye’w
Fè sa’w vle avè’m
Doudou fè’m prizonye’w
Fèmen’m anndan lanmou’w

[Bridge]
Tankou ti bebe ou vlope’m
Bouch mwen kole sou ou m’ap tete
Ou se love mwen woo
Ou se love mwen woo
Ou son’w benediksyon tout bon vre
Anpil moun dòmi fou ap reve
Ou se love mwen woo
Ou se love mwen woo

[Hook] 2X
Cheri fè’m prizonye’w
Fè sa’w vle avè’m
Doudou fè’m prizonye’w
Fèmen’m anndan lanmou’w

[Refrain]
Oh oh, cheri’w fè’m kwè nan lanmou
Oh oh
Oh oh, cheri’w fè’m kwè nan lanmou
Oh oh


BIOGRAPHY
  • Karizma is an 8-piece modern konpa band, Haiti's most popular musical genre. The band's musicians, all of whom, at one point or another, started their young musical career in local Haitian Gospel churches. They all grew up under the heavy influence of Konpa music, R&B, Gospel, and Hip Hop.

    Lead Vocal: Emmery Etienne
    Maestro/Guitar: Jean Napoleon Jr
    Keys: Daniel Paul
    Keys: Jodanny Petit-frere
    Congas: Davidson Bastien
    Percussion: Auguste Blanchner
    Drums: Louissant Beliard