Pa Pè • Relax Compas

ADDED BY PHKATHIUS1 (APR 26, 2019 AT 5:14 PM) 8,754 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2019

[Intro]
Relax
Pa pè, pa pè, pa pè, pa pè
Pa pè (cheri)
Pa pè (lage kè’w ban mwen)
Pa pè (amour)
Pa pè

[Verse 1]
Mwen gen yon mennaj
Ah wi m’santi’m konble
Nou diferan daj, men sa pa deranje
M’toujou fè’l santi pou mwen’l s’on bebe
Konsa m’evite qu’elle se fasse des idées

[Pre-Chorus]
Cheri’w gen kè’m tout antye
(Tout kè’m se pou ou)
M’pa vle’w panse m’ap jwe
(M’pa wè lòt ke ou)
Se avè’w vi mwen trase
Menm si gen obstak
Ansanm n’ap travèse

[Chorus]
Pa pè (cheri)
Pa pè (lage kè’w ban mwen)
Pa pè (amour)
Pa pè (m’pap lage’w sou wout)
Pa pè (bebi)
Pa pè (ou se fanm chans mwen)
Pa pè (doudou)
Pa pè

[Verse 2]
Lè nou nan lari
M’santi’w wont kenbe men’m
Sanble w’ap reflechi ke’w pi aje ke mwen
Sa yo se baryè ou mete nan lespri ou
Bebi pito’w kite lanmou fè travay li

[Pre-Chorus]
Cheri’w gen kè’m tout antye
(Tout kè’m se pou ou)
M’pa vle’w panse m’ap jwe
(M’pa wè lòt ke ou)
Se avè’w vi mwen trase
Menm si gen obstak
Ansanm n’ap travèse

[Refrain]
Pa pè, fè lanmou konfyans
Pa pè, fè lanmou konfyans

Oh oh, oh oh, oh oh, oh oh
Cheri relax non

[Refrain]
Pa pè, fè lanmou konfyans
Pa pè, fè lanmou konfyans

[Hook]
Li pa konnen rich ni pòv
Li pa konn koulè
Li pa konn gran
Li pa konn piti
(Non, non, li pa konnen yo)
Li pa konnen rich ni pòv
Li pa konn koulè
Li pa konn gran
Li pa konn piti

[Bridge 1]
M’pa vle’w doute (jan m’renmen’w)
Sa’m fè pwouve (jan m’renmen’w)
Piga lòt fi pwoche kote’m
Jis pou’m pwoteje lanmou’w doudou

[Hook]
Li pa konnen rich ni pòv
Li pa konn koulè
Li pa konn gran
Li pa konn piti
(Non, li pa bezwen sa)
Li pa konnen rich ni pòv
Li pa konn koulè
Li pa konn gran
Li pa konn piti

[Bridge 2]
M’pa vle’w doute (jan m’renmen’w)
Sa’m fè pwouve (jan m’renmen’w)
Mwen repouse lòt fi sou mwen
Ou sèl ki konte pou mwen cheri

[Refrain]
Pa pè, fè lanmou konfyans
Pa pè, fè lanmou konfyans

Oh oh (cheri kite’m leve’w non)
Oh oh (fèmen je’w lage kè’w)
Oh oh, oh oh

[Outro]
Pa pè, fè lanmou konfyans