Peyi Mwen • Setcha

ADDED BY ZOKLO (APR 8, 2014 AT 6:43 PM) 17,997 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2014
Produced by: Caly Dre

[Intro]
Black Fac Music – Caly Dre on the beat
Ayitiii, Young Setcha
Again and again still Liki Lik bang bang

P p p peyi mwen peyi mwen
Peyi mwen peyi mwen peyi mwen (2x)

[Verse 1]
Ayiti bèl ti peyi la mwen fèt owi se la m'grandi
Se la m'konnen jou fèt goute moso nan parandi
Se la tou m'dekouvri mèvèy ki gen nan lanati
Tankou basen zim fon rive sodo epi labadi
Fè laplanch sou lanmè lèm tonbe sou cham bèl fanm
Gen tout koulè te dous siro koule kon flèch kann
Yo di m'two patriyot men yo pa konnen telman
Lè bèl souvni nostalji kenbem santi m'pa ka tan
Fè mwen toujou gen anvi trip ak zanmi zanmi
Mwen santim alèz nan peyi'm nou tout se fanmi fanmi
Yo di l' lèd se manti oh non c'est pas gentil
Bienvenue dans la belle cite “AYITI” perle des Antilles

[Chorus]
Se la m'santi mwen byen mwen bliye tout pwoblèm mwen
Peyi mwen nou ka enmen
Se la mwen wè mèvèy klere anba solèy
Peyi mwen nou ka enmen
Oh ohoh oh ohoh oh
Peyi mwen nou ka enmen
(2x)

[Verse 2]
Ou ka li lanmou nan souri kap lui sou bèl vizaj
Al nan vakans nan tèt mwen toujou kite bèl imaj
Lèm gade solèy lan kap klere sou bèl peyizaj
Chak fwa m'rete m'di oulala gadon bèl eritaj
Gen bèl plas ak bèl kote men plis bèl marabou
Anfom yo sexy epi dous tankou rapadou
Pa ka pa pran plezi ann danse sou son troubadour
Lè wap gade ou pa fè lot lide ke pouw ta la tou
Fè ou toujou gen anvi trip ak zanmi zanmi
Ou santiw alèz nan peyiw nou tout se fanmi fanmi
Yo di l' lèd se manti oh non c'est pa gentil
Bienvenue dans la belle cite “AYITI” perle des Antilles

[Chorus]

[Bridge]
P p p peyi mwen peyi mwen
Peyi mwen peyi mwen peyi mwen (2x)
Peyi mwen nou ka enmen
Oohhh ohoh ohoh ooh ohoh (2x)
Peyi mwen nou ka enmen

[Chorus]