San Ou • Frè Gabe

ADDED BY JEFFMADISON (APR 6, 2019 AT 3:48 PM) 8,651 VIEWS EDIT

Genre: Gospel
Album: Mete Frè Devan Non’m
Year: 2019
Featuring: Frè Debras Jemson
Produced by: Inspiration Divine Studio
Lyrics by: Frazix Lyrics Videos

E tankou m pwan kout kouto
Chak fwa m peche oye ye ye
Jem tankou yon ti sous dlo
Pa janm seche san ouuuu
E mele m mele m chire m paka koud
Menm jene m jene malgre sa m paka feel good
M paka viv san ou

San ou lavim devan deyè
Chak segond san ou tankou lanfè.
San ou avnim paka meyè
M we lemond a lanvè.

E tankou moun kap kouri avek 2 bout pye
E tankou moun kap chante ak lang li koupe
E tankou moun Kap fe mirak pandan lap doute
E tankou mache chache ki domi san soupe
E tankou jounen san soley

Yon kochma san somey
On tet san zorey e yon plat pye san zotey
E tankou pousye ki nan yon gro siten
Komsi map respire san oxygen

E tankou lanme san pwason
Tankou yon moun ki san grace o
E tankou terrain san gazon
E kon gro football match ki san fomasyon

E tankou m pwan kout kouto
Chak fwa m peche oye ye ye
Jem tankou yon ti sous dlo
Pa janm seche san ouuuu
E mele m mele m chire m paka koud
Menm jene m jene malgre sa m paka feel good
M paka viv san ou

K-k-k-k komsi m mare ak plizye ti kod
Komsi m pedi nan la ki gen plizye ti pot
Komsi son mikro m Fè plizye record
Map mande grace misericode
Ou we mizem record
E tankou ti pwason kap manje zeb
On bwason ki fem sanble ak yon ti rat

E tankou alphabet san A san Z
On fre sauver moïse gro wa david san goliat
On moto san moto san gidon
On bebe san bibon
Kayotchou san boulon
Tankou moun kap respire san poumon
Se komsi yon aveugle kap gade yon bebe
Kap bay blag avek yon moun soud
Tankou chabon dife ‘k jele
San ou pap dire tankou on kout food

M paka san ou
M paka san ou
M paka san ou papa
M paka san ou

M paka san ou
M paka san ou
M paka san ou papa
M paka san ou

E tankou m pwan kout kouto
Chak fwa m peche oye ye ye
Jem tankou yon ti sous dlo
Pa janm seche san ouuuu
E mele m mele m chire m paka koud
Menm jene m jene malgre sa m paka feel good
M paka viv san ou .