Male • Shassy

ADDED BY PHKATHIUS1 (MAR 29, 2019 AT 6:24 PM) 9,980 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2019
Featuring: Master Brain

[Intro]
M’ale, m’ale
M’al chèche kote lanmou ye
M’ale
(Ou pat bezwen mwen)
M’ale, m’ale
M’al chèche kote lanmou ye
M’ale

[Verse 1]
Ou trete’m tankou objè
Pou mwen ou pa gen okenn pwojè
(Kisa m’fè, Bondye kisa m’fè)
Se mwen ki mennaj drive’w
Pouki se mwen sa rive
(Kisa m’fè, Bondye kisa m’fè)

[Pre-chorus]
M’ta renmen g’on mennaj ki pou mwen
Yon moun mwen konnen ki fou pou mwen
M’ta renmen g’on mennaj ki pou mwen
Yon moun mwen konnen ki fou pou mwen
Male

[Chorus]
M’ale, m’ale
M’al chèche kote lanmou ye
M’ale
(Ou pat bezwen mwen)
M’ale, m’ale
M’al chèche kote lanmou ye
M’ale

[Verse 2]
Ou pat bezwen mwen
Ou konnen’m egziste sèlman lè ou bezwen kouche mwen
Apre sa’w disparèt, si’m pa ale w’ap jete mwen
Si’m ret avèw toujou, kalkil, strès ap touye mwen
Strès ap touye mwen oh oh oh

[Pre-chorus]
M’ta renmen g’on mennaj ki pou mwen
Yon moun mwen konnen ki fou pou mwen
M’ta renmen g’on mennaj ki pou mwen
Yon moun mwen konnen ki fou pou mwen
Male

[MasterBrain]
Ok Baby look
Ou di’m sa sa, si si
Oh m’laba, m’isi
Ah mama vini
Woy tanpri Shashassyssy
Ou prale ? Kote’w prale a ?
Apa’w soti pou’n divòse san n’poko marye a
Ou pap fè wonn pòt
Dayè ou pa konn kote’w mare a
Lè’w ale a, ak kiyès m’ap pran best couple ane a uh
Ou di’w ta renmen g’on mennaj ki pou ou vrèman
Jiska prezan cheri m’pou ou wi, m’jis pa pou ou sèlman
Ti doudou don’t leave, nenpòt wout ou fè m’ap suiv
Pèdi tan chèche nèg fidèl, w’pa wè ki tan n’ap viv
Deboure trip, mete pay
Jan nou konn trip, plede high
Rete fly, mete may, nèg pale avè’w mete fight
E’w konnen mwen si m’te kwè nan tripotay yo di
M’tap gentan kite’w pou zanmitay ou ak Toby

[Outro]
M’ale, m’ale
M’al chèche kote lanmou ye
M’ale
M’ale, m’ale
M’al chèche kote lanmou ye
M’ale
(Ou pat bezwen mwen)