On Gout Konsyans • Fre Gabe

ADDED BY LILPETER3 (DEC 11, 2018 AT 11:33 PM) 4,251 VIEWS EDIT

Genre: Gospel
Year: 2018
Produced by: DonGaBeats

Fre Gabe mete fre devan nonm
Inspiration divine
Awh Yeahh

Plim mwen konekte ak kè'm
Se ak sanm mekri chak lèt
Sak rive a nou tout koupab
Ben ok ! J'accepte
On gout konsyans ka nwaye destruction
Defwam kesyone poum mande eske gon sevo nan chak tèt
Ayisyen trò focus sur le passé
Nou pede selebre 1804
Men son fè ki te pase
Nou ret kole nan viktwa nou te fè se sak fè'n enferyè
Pandan konba nou gen jodi yo menm ap koz peyi a trepase
Enmi ayiti se ayisyen se sak koz mwen irite
Gen trop farizyen ki pa bezwen sak rele inite
Pwen fort nou se imite, ki pwodui sterilite
Esklavaj pa vle di chenn nan pye, men se lè pansew limite
Pouw di peyi ap byen fonksyone fò jew chèch anpil
Pouw jwenn on bon grenn patriyòt, fò kow chèch'anpil
Son konba kap fet
Gen sak pran galil, M16
Moblije ame'm tou se sak fem chechon plume
E konsam milite poum ka kominike
A chak grenn branch, chak grenn kouch ke'n gon responsabilite
Lew ap pede bwè kob e nomal pouw gen gwo fal
Kòmanm pwal santim byen pandan site soley moun ap bwe dlo sal
Sa'n fè pi byen se mal kè nou an desimal
Epi nap di inite se sak fè lot moun pa ka santi nou
Nan plas 3 plas lopital nou pito 3 jou kanaval
Mezanmi ayisyen fonn sispann panse a senti nou

Madresem a chak pasteur ki gon legliz lap administre
Pouki'n pa preche Jésus-Christ ki te mouri'k resisite ?
Nou kenb'on pep anba gagann sil pa travay komanl pwal bay ofrann
Se nou ki rann pi fò fidel yo sinistre
Madresem a chak profesè youn di lòt
Pouki'w oblije grate pla men jenn fi a pouw ka bal ti nòt
Se nouk fè gen madan papa
Futur docteur ki vinn dexter
Paske'n bliye ediksyon se kle ki ouvè tout pòt
Madresem a chak direktè ki poko sevre pèvèsyonl
Lèw finn resevw'on CV poukiw vle rale chevel
Se nouk fe tan pou on jenn fi ta fini lekol li pito al nan gym poul travay bout anbal
Koz li vin wè se sak ka edel
Madresem a chak leader li lè poun fè ouverture
Delivrans ayisyen se lel met pyel airport Toussaint Louverture
Madresem a chak patron a chak chef dantrepriz ann sispann viv an tretriz
Dyaspora antre please
Jovenel Moise enspirem li montrem peyizan ka prezidan
Ou pa bezwen al lekol pouw chache classe
Oh gad jan Jezi gran
Li lè pou palmantè sispann fè mantè pale
Madresem a chak boss, chak moun ki kenb'on bale
Peyi pa konn fè moun se moun ki fè peyi
Madresem a chak etidyan se nouk pou fèl ateri
Chak ti moun nabandone ka on virus
Chak ti moun nou ankadre ka tounon minis
Epa paskem kretyen ki vle dim pa gen tet
Eka paske'n kreten ki vle dim pa gen det
N'pa sèvi djab ke ameriken sa pa koz yo devlope
Revolisyon an dwe mantal sinn vle peyi'n debloke

Chak grenn mizik mw la pou detere'n (x2)
Antan'k limyè du monde m'la poul eklere'n (x2)