Penso • Ben Benel

ADDED BY PHKATHIUS1 (NOV 27, 2018 AT 2:36 PM) 4,964 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2018

[Chorus]
Oh oh oh oh oh oh oh
Oh oh oh oh oh oh oh
Oh oh oh oh oh oh oh
Penso, Penso, Penso

[Verse 1]
Avèk li mwen pral pentire tout kwen kay an wou
M'pap poze tout tan ke galeri'w pa dekore
Nan bò pòt ou mwen pral desine yon bèl ti bouke
Ak yon penso ki ka ba'w bon sèvis e satisfè'w
Ou pral mande'm pran mato'm pou'm fè yon ti klouwe (yon ti klouwe)
Antre fè yon ti plonbe
G'on dlo'k pa lwen pete, m'santi l'ap degoute
E mwen m'konnen m'ap reziste (reziste)

[Chorus]
Oh oh oh oh oh oh oh
Oh oh oh oh oh oh oh
Oh oh oh oh oh oh oh
Penso, Penso, Penso

[Verse 2]
Ou ka remake gen yon gwo sounami k'ap avanse
Kay ou ap sekwe, m'ka wè tout fèy tòl ou gentan mouye
Prete'm yon dra cheri, soutni kò'w, ban'm tann li dèyè kay la
Menm si m'ta inonde cheri m'ap kontinye nan lento a
Ou pral mande'm pran mato'm pou'm fè yon ti klouwe (yon ti klouwe)
Antre fè yon ti plonbe
G'on dlo'k pa lwen pete, m'santi l'ap degoute
E mwen m'konnen m'ap reziste (reziste)

[Pre-Hook] 2X
Oh ay
Gad on penso mesye
Oh ay

[Hook]
M'soti anba m'monte
Pase penso an mwen bò pòt ou
Bò, bò pòt ou
M'soti anba m'monte
Pase penso an mwen bò pòt ou
Bò, bò pòt ou

[Bridge]
Van ap vante, rivyè desann, bwa ap sekwe
M'oblije kenbe'l paske'm pa vle'l tonbe sou ou
Janm ou ap tranble, ou paka kanpe, ou tonbe rele
Ou sezi, ou paka konprann kote dlo sa soti
Ti doudou an mwen

[Hook]
M'soti anba m'monte
Pase penso an mwen bò pòt ou
Bò, bò pòt ou
M'soti anba m'monte
Pase penso an mwen bò pòt ou
Bò, bò pòt ou

[Bridge]
Van ap vante, rivyè desann, bwa ap sekwe yeah
M'oblije kenbe'l paske'm pa vle'l tonbe sou ou
Janm ou ap tranble, ou paka kanpe, ou tonbe rele
Ou sezi, ou paka konprann kote dlo sa soti
Ti doudou an mwen