Tout Bagay Plen • Trouble Boy

ADDED BY DIDIER (NOV 10, 2018 AT 3:57 PM) 6,994 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Pral Nan Peyan M Pou Yo
Year: 2018
Featuring: Baky
Lyrics by: Trouble Boy, Baky

[Verse 1 - Troubleboy]
Nan jeografi yo te aprann mwen ke la terre est ronde
Men kounya ak entènèt nou gen kontwòl lemond
Tout moun sou nèt tout moun konekte
Mond lan vin tounen on katye pa gen anyen ki kache
Lavi tout moun tounen transpò piblik pa gen moun ki vi prive
Moun ap vann fo imaj moun vann fo visaj
Andan lakay yo se ti sen sou entènèt yo se stiflè
Andan lakay yo sentaniz sou entènèt yo se ti flè
Nan klas lekòl yo te pi sòt sou entènèt yo se teacher
Chak kòment yo s on kout pik s on kout brik
Yo toujou la pou kritik nan tout tweet
Lè konsa m met tout dan m deyò m ri tweet yo
Yap chèche atansyon yo bezwen moun pou ri tweet yo
Rezo sosial tounen rezo san sal
Yon je sou facebook, yon je sou instagram yon je sou tweeter
On je sou snapchat gad je sa anraje

[Hook]
Avan bagay yo pat konsa
Avan bagay yo pat konsa
Kounya tout bagay plen
Facebook plen, Instagram plen tweeter plen
Snapchat plen, youtube plen, whatsapp plen
Men avan

[Verse 2 - Baky]
Avan se te nan liv sijè te konn trete
Kounya m pran on telefòn m antre nan on mond a chak lè m konekte
Rete tout moun ka victim nenpòt kote w rete
Sou entènèt yap tire bal pa vin la ak kouto epe
Pran l pou tout bon pandan yo menm yap fè l pou trip
Epi gen de fòkè ki ka detwi w avèk yon tweet
Depi wap fè zen si w vle viv byen pa deranje n
Paske si w wè n antre nan zen an konnen zen an melanje
Sou facebook moun vin pi fou, sou instagram moun viv pou moun
Tweeter fè w close avèk tout moun men l fè kèk moun vin pi sou moun
Wap fe buzz pou detwi m konn repons mwen pral fè w rayi m
Ou di tout sa w vle sou lavi m piga w fache lè m anvayi w
Lè w di on tenten ou pran sezisman w we delete post sèl solisyon w
Men domaj gen screenshot ou gentan nan demolisyon
Mwen m parèt tou kouche se sak fè n wè m paka tonbe
Ou mèt fè sesi sela ou mèt fè kaka tande

[Hook]

[Verse 3 - Troubleboy]
Ben wè avan il y avait pa tout ça
Kounya atis ap fè fo paj pou joure lòt atis
Men now il y a tout ça
Se on sè adn se glise sou DM fanm nan ap vin dirèk sou ou
Lap di w cheri file m non
Pou jhanedouz ka poste w fò w ka tweet trè souvan
Kou christopher filemon
Antouka le net n’est pa net
Tout followers pa vle di friends tout followers pa vle di fan
Kite m ba n on ti konsèy avan n antre nan sèkèy
Pa ekri nenpòt tenten sou entènèt
Pa aji kon on bet lan tèt pa la
Dieu seul sait w ka vin raz kon bètran tèt kana (taba)

[Hook]

[Outro - Polsky]
Entènèt plen, Facebook plen
Whatsapp plen, Youtube plen
Men bagay
Instagram plen e kisa ankò
Messenger plen
Tout bagay plen pa gen plas
Tout plen nèt


BIOGRAPHY
  • Lord Wensky Jolissaint, commonly known as "Trouble Boy" is a Saggitarius born on December 19, 1989. Being a passionate of music, it did not take long for the young rapper to get influenced and inspired by the American Hip Hop scene in the beginning of 2000. After the death of his mother in 2009, he launched his music career with his first single "Crank that Moto" which came out in 2011. Despite the fact that Trouble was then unknown to the public, his single received instant success.
    Trouble has since been the reflection of Creole Rap for the last few years. He is enthusiastic, productive; he has a strong attitude, and a strong urge to gain recognition. He gets his inspiration from his circle, his own experiences and feelings. His lyrics are well articulated and rich, combining relatable life experiences with unique punchlines. Curious and energetic like his zodiac sign suggests, Trouble boy has without a doubt found the perfect formula to satisfy his public. The young and the old are able to sing to his songs. With this same momentum, he released his first album entitled "Shut up epi tande" in 2012.