Petr'Opozisyon • K-Lib

ADDED BY RDJVTH10 (OCT 25, 2018 AT 11:31 AM) 4,033 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2018
Produced by: Dedy-Styl
Lyrics by: K-Lib

Se pa politik
Fas ak yon krim finansye, koripsyon, ou pa t atann mouvman an t ap "petroactif"
Ti lolit
M pa t ap mande petrocaribe si w te kanpe lè Koperativ

Lajenès pran petro pozisyon
Moblizasyon petro obligasyon
Pa di m se ranse w t ap ranse
Se pa toutan w ap ka fè n danse

Nou p ap chache kont
Sèlman n ap mande kont, Koudèkont pou l al verifye eta tout kont
Mal pou wont
Propagann pa kont, al di patwon w li anreta kounya pèp la gen mont

Nou se 10 milyon k sp viv ak 2 dola
Yo se kèk santèn ki kenbe 3 milya
Son w bann ak yon pakèt ti vòlò sal
K ap kase ponyèt ti malerèz kwabosal

Nou bouke
Wè fanm entèlijan k pou pase dwe konte devan vagabon pa kilomèt
Nou fout bouke
Wè jenn gason k ap soufri e lè l pale yo rele l ti egri si l onèt

Kòb la nan bouda w mizè a nan bouda m
Aprè w vin ak bèl machin vin file fanm pa m
Se sou non nou tout manje a prepare
Yo pa menm kite n pran sant lè l ap separe

Yo bann 10 vèsyon
Sa k di se pa yo lestomak glise kou lalo k ap kriye k ap pran pòz rizyèz
San fè divèsyon
Si yo te envesti nan sante ak lekòl raketè pa t ap fè n bwè pinèz

Kretyen fò n mande si legliz pa konplis
Sonje! Jezi te wonfle tout vòlè k te fè tanp lan tounen biznis
Delivrans n ap mande bondye toutan nan jèn nan li te ban nou l deja
Li te voye 3.8 milya dola men l tonbe anba grif djab la

Li pa ka konsa
Pou apre on sèl manda on prezidan ayisyen gen kòb pase "Georges Bush"
On peyi pòv konsa
Pou gen 100 minis k ap deside pou sèlman 1000 pòch ak 10 milyon bouch

Ap kòb ki te dwe devlope n yo fè 2 bouche
Jenès anvlope tout kote ap chache debouche
Doktè n ak enfimyè n yo pa ka touche
Madanm pa yo lòt bò dlo y al akouche

Nou pa ka dakò
Pou se nou ki viktim epi se nou ki pou bese tèt nou lè nou wè w
Sa a se twòp atò
Depi pèp vle leve tèt pou w ap pran pòz "monter au créneau" pou w fè moun pè w

Klas mwayèn nou te fè twòp tan bra kwaze
Enterè n ak klas popilè te toujou kwaze
Tèt nou gen cheve e je nou byen kale
Lavalas p ap pote n ale koz nou byen plante

Pandan n sou menm bato
Pou chak matlo ak goyin ak mato tout vle pran on moso planch
Ayiti pa gato
Chak grenn politisyen pa ka gon w kouto pou separe li pa tranch

Palmantè k sèvi ak vòt pou yo fè kòb
Tan pou yo sèvi enterè pèp ki te ba yo vòt
Si n kite pèp leve p ap gen fòs de lòd
Nou pa nan kòb oubyen kòd se kòb epi kòd

Nou pa nan nepotis (nepotisme)
Pou depi yo vote w ou nome w nan leta tout zanmi w ak fanmi w tou rich
Bann egoyis
Ou rele l bon prezidan se pa pou Ayiti, men paske pou ou l pa t chich

M felisite lwayote kèk atis ki sou lèy
Martelly se pou kèk atis sa Aristid te ye pou site solèy
Si n te bay pèp mwayen pou l fonksyone konsome
Zèv atizay nou pou atis nou yo t ap sispann mande