Map Tou Fou • LOG IN

ADDED BY PHKATHIUS1 (OCT 16, 2018 AT 5:52 PM) 5,286 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Garde A Vous
Year: 2018
Featuring: Ricot Amazan (Ti Tanbou)
Lyrics by: Ricot Amazan

Cardial and Ricot Amazan

[Verse 1]
Mwen pap janm di'm bouke, bouke eseye
Mwen konnen ou kache ap tann mwen yon kote
Tout apliksayon’m mete mwen pa janm aprouve
Bagay sa fè'm tounen yon dezevre
Mwen santi m'ka toufe si mizè'm pa devwale
Genlè se pi gwo enmi lanmou ye pou mwen
M'toujou prèt pou'm koube lè mwen renmen
Pouki se mwen ki toujou yon move target

[Chorus-Cardial]
Mwen pap bay legen ak move kou ni chagren
Si Bondye ban'm egzistans
M'pap pè pran chans menm a distans
Eske s’on jwèt marèl lanmou ap jwe avè'm
L'ap blaze santiman'm
Si'w wè'm ap plenyen
Sa se istwa pa'm

[Rico Amazan-Ti Tanbou]
M'anvi pèdi pasyans paske mwen pa gen chans
Menm lè ke mwen pa fè, yo di ke mwen fè
Mwen prè pou mwen damou
Mwen prè pou'm pwouve'm oh oh oh
Mwen gen yon talan lanmou k'ap gaspiye

[Chorus-Ti Tanbou]
Mwen pap bay legen ak move kou ni chagren
Si Bondye ban'm egzistans
Mwen pa ka pè pran chans menm a distans
Pouki se yon jwèt marèl lanmou ap jwe avè'm
L'ap blaze santiman'm
Sa se istwa pa'm m’ap elabore

Log in access granted

[Hook]
M'ap chèche yon lanmou
Lè'm jwenn li m'ap tou fou
I'm gonna be so in love
Bondye’k voyel, m’pap negosye’l
(Depi Bondye voye’l m'pap negosye'l)
M'ap chèche yon lanmou
Lè'm jwenn li m'ap tou fou
I'm gonna be so in love
Bondye’k voyel, m’pap negosye’l

[Bridge: Cardial]
Ou konn jwenn yon moun
Ou panse sa pral mache
Ou gentan ba li kè'w
Epi se jwe'l te vinn jwe
Sa ka dekouraje’w
Lè moun pale’w de lanmou
Men fòk ou sonje chak moun gen yon moun

[Hook]
M'ap chèche yon lanmou
Lè'm jwenn li m'ap tou fou
I'm gonna be so in love
Bondye’k voyel, m’pap negosye’l
(Depi Bondye voye’l m'pap negosye'l)
M'ap chèche yon lanmou
Lè'm jwenn li m'ap tou fou
I'm gonna be so in love
Bondye’k voyel, m’pap negosye’l

Ricot Amazan

[Bridge: Ti Tanbou]
Lanmou gen bon souvni
Konsa’l genyen move souvni
Ou ka jwenn yon moun ou deside
Ou pral fè bagay yo mache
Men apre de twa jou
Tout planifikasyon tomber à l’eau
Paske gen sa'k itilize’l pou yo fè mechanste