Pye M Mele • Izolan

ADDED BY DIDIER (SEP 25, 2018 AT 4:36 PM) 6,921 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2018
Featuring: Tracy Trace
Lyrics by: Izolan, Tracy Trace

[Hook]
Madan mwen kenbe m ak vwazin nan sa m pral di
Pye m mele
Se nan hotel la m tap antre kisa m ka di
Pye m mele
Son ti manje nou toulède ta pral manje
Pye m mele
Manzè fache li dedouble li deranje
Pye m mele

[Verse 1]
Mwen ak vwazin nan nou tèlman koul
Fòtadi se Loulout pati koul
Chak sèvis li mande m m toujou la
Poutèt sa m wè madanm mwen joure m ti sousou
Vwazin nan toujou sou balkon
Plede show off ak bout pantalon
Lè konsa li mete m sou talon
Tankou gad kap veye ak yon gwo baton
Vwazin red tankou extrem pou mwen se li k Dexter m
M ap veye kot madanm ap soti pou m kouri kouri al fon distrè m
Mwen envite vwazin pou n al manje
Premye sa l mande mwen ki kote
Mwen di l ou te mèt poze poze plat
Wap vire ak zoe a pa ka gen danje
Mwen pullup pullup sou on nice car
M wè l etone li rete pa sa
Pou jan l pale l pa sou sa
Mwen di cheri pa de manana
Kounya li di allons nous, gentan fè rezèvasyon nou
An parèt devan hotel la m wè madanm vin kenbe nou

[Hook]

[Verse 2]
Jan yo poko tande vwazin nan ap baw bil
Ou pa vle m kale kò m li l ap baw feeling
Nan pran pòz gwo aktè w wap jwe fo fim
Ban m bobin padan m chita m ap baw fil
Mwen wè w vle konfonn gwo jènjan ak mawozo
Gen sak avè w se pou atis gen lot se pou w ka ba yo zo
Yo tèlman kale tèt ou kounya m wè w kòmanse chòv
Kite madanm ou lakay dèyè le fin mache fè kòve
M pat konprann si w te pran m pou egare
Se kounya m ap aprann pat gen love vre
Après des mois maryaj ou vin twonpe m ak yon model
Kite kouvè manje sou tab ou vin dine nan hotel

Hein hein
Sa w panse a se pa sa
Si w vle n ka manje a twa
M anvi deplase m pa anvi rete la
M konn vwazin nan son ti estera
Evre ? estera ? ebyen w mèt ale m ap rete la
Papi menm si w rete la
Yon sèl bagay vwazin nan pap rete la

Oh mezanmi, yo no se nada

[Hook]