Remise à Ses Parents • Wanito

ADDED BY DIDIER (SEP 5, 2018 AT 11:26 PM) 10,666 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2018
Featuring: Rutshelle Guillaume
Produced by: Manno Beats
Lyrics by: Wanito

Kiyes sa
Madan Pierre se Wanito
Men pouki tout frape sa m ap vini

[Verse]
Madan Pierre mwen vin kote w
G on bagay pou m eksplike w
Pa gen anyen m ap pèdi w
Si m rete ak pitit fi w
Mwen renmen l anpil
M pa vle gaspiye vi l
W wè si l pa rete trankil
M ap voye l tounen ba ou paske
Nan kay la l neglije l
Tout lajounen lap babye tirepye pou l agase m
Se sou zin l kanpe
Chak jou li nan on rakochay tripotay ak vwazinaj
Lap kase ti rezen
Padan rad sal anpile nan on kwen vre
Li pran m pou malandren
Pandan m ap redi pou m fè degouden vre
M pat kase ti rezen
Chak fwa nap dòmi li pouse m nan on kwen vre
Li pran m pou maladren oh

[Chorus]
Oh remise à ses parents
M pap pran sa nan men w non
Oh remise à ses parents
M pap pran sa nan men w non
Se ou ki te leve l
Se ou k pou korije l
Oh remise à ses parents
Opa opa opa kamarad opa
Oh remise à ses parents

Jan timoun janm te wè nap byen viv jan nou te kòmanse byen
Bon Rutshelle sa Wanito ap di a se vre ?

[Verse]
Granmanman pa okipe l pawòl li pa verite
Se tafya kap konseye l m pa janm kot kòb li pase
Lap antre byen ta li pa bay kòb lap leve kouvrepla
Bafle sa l jwenn sou tab la
Epi pran vye gita tonbe fè bri nan kay la
Nan zòn nan m san respè paske chak jou l sou fè gè
Lespri mwen pa janm anpè
Mwen te nan erè
Si m ret avè l m ap fè kè genlè m ap mete l atè
Bagay sa twòp pou mwen
Kounya se manman m wap pot plent pou mwen
W deja pa trete m byen
Apre sa se mwen wap bay chay pote vre
Bagay sa twòp pou mwen
Lè w santi koutba pa kouri pran devan vre
Sispann akize mwen eh eh

[Chorus]

Bon kiyes pou m kwè la youn ap akize lòt. M pa konn kiyès ki gen rezon kiyès ki gen tò. Pouki nou pa eseye antann nou mezanmi. Heyhey gadon pwoblèm.

Menm on ti afeksyon l pa ka banm
Twazè di maten dòmi pa ka pran m
Genlè pito nou chak gen yon chanm
Paske mwen santi m ap gaspiye tan m
Epi sou mwen l ap planifye pou l vann kay la
Chans pou mwen m gen on zanmi m ki avoka
Mwen di l poze, oh bondye tande on koze

Se pa tout tan ou vle pou m sou san m
Matin midi swa w vle met gòl nan kan m
Genlè pito nou chak gen yon chanm
Paske m santi wap souse tout sanm
Epi moun ki di w mwen bezwen vann kay la
Se yo k maton k ap kraze fwaye sa
De grenn blòk nou redi poze
Pa sèl ou k te depanse

[Chorus]
Remise a ses parents
Manno Beats
Remise a ses parents


BIOGRAPHY
  • Juanito, best known as his stage name WANITO, was born on April 21, 1988 in Jeremie, Haiti. He was raised by his mother, until he moved to the Port-au-Prince to continue his secondary education at Lycée de National de Petion-Ville. Though he was very shy, he continued to follow his dreams by performing around students, friends, and family. Upon hearing his unique voice, his peers encouraged him to participate in talent shows like, "Konkou Chante Nwel," and "Digicel Stars". Although he didn't make the finals of either competition, he wasn't discouraged. PeaceTones, a Boston-based NGO aims to empower musicians in developing countries by teaching them how to create, protect, and sell their music throughout the world. In April 2011 the NGO held a competition called, "Haiti Chante" (Haiti Sings). Gracefully, WANITO was declared the winner, and there, he found his break. With this victory, many doors were opened for him; the NGO brought him to the US to record his first-ever solo album. On December 2011, WANITO released "Biyografi Mwen" (My Biography). His extensive involvement in the Haitian community made WANITO a star even before the album hit the market. He has made headlines in most of the widely-read newspapers, blogs, and on-line magazines in Caribbean/Haiti and in the Haitian diaspora.