Vayb La Bon • Akoustik

ADDED BY DIDIER (AUG 14, 2018 AT 10:21 PM) 6,962 VIEWS EDIT

Genre: Folklore
Year: 2018

[Intro - Joel]
Di Ayiti a rès monn lan
Nou pote yon lòt vayb,
Yon lòt high

[Pre-Chorus]
Li Konn ki nòt pou l jwe pou l rete nan tèt mwen
Konn ki kòd pou l teke pou l mache nan san mwen
Son feeling mwen santi, enposib pou m dekri l
L envayi tout anndan m fè m pèdi tout sans mwen

[Chorus]
Sèl Sa m konnen manman Vayb la Bon!
Way manman Vayb la Bon
Sèl Sa m konnen manman Vayb la Bon!
Way manman Vayb la Bon

[Verse 2 - Joel]
Kon zetwal ki file,
Gwo lajounen avan solèy kouche
M pral chèche w menm nan fon gomye
San poze, anba dlo kòm ap swe
Souf mwen ap koupe
Pike monte n on nway map neye
Lalin klere je m ap boule
Veye loko sa l ap pote!
Kon tè sèch k ap veye lawouze,
M ap ret tann ou joui lè lapli tonbe
Ou fè mwen rale, kouri, sote, ponpe,
Dèyè w lago kache
Nan chimen jennen m rive jwenn ou
E k on ti wòch sakre m admire ou
M pare pou m vole, danse pyafe suiv ou
Jis nan fon kay Agwe

[Pre-Chorus]

[Chorus]

[Verse 2: Elder]
E to the K to the I to the Z
Ekiz te lo pide, pa fèm pale panyòl
M konn tout lang lè feeling monte m
Vayb sa près pou kofre m
Ban m pran de kou
Pou m jwenn kontwòl flow k ap travèse m
OK kounya m bon nou mèt balanse
Ban m beat ban m yayad fè chalè monte
Kata Kwachi ak yon bèl vayb tanbou
Prèt pou m transfòme rele m lougawou
Si m di w Vayb la Bon konnen li bon tout bon
Nou fèl an sis kreyòl san konplikasyon
Yon kafe peyi on boutèy babankou
Se enspirasyon pou n travay jouk li jou
Paske Vayb sa fèm pran lòt level sin similia
Lirik yo, mizik la, Jan m byen chita sou beat la
Ou pa ta di se Asterix lè l jwenn posyon majik la
Em si sa, anyen lòt sou latè pa banm feeling sa!

[Pre-Chorus]

[Chorus]

[Bridge]
Vayb la Bon
Sel sam konnen manman vayb la bon
Vayb la bon

[Pre-Chorus]

[Chorus]