Lanmou Frape M • Still Brav

ADDED BY GEN11 (AUG 2, 2018 AT 4:29 PM) 8,611 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2018
Lyrics by: Still Brav

Brav empire (niggaz)
Still brav anmèdan (young will beatz)

[Intro]
Wouch manman (gad on fanm)
Tankou se premye fwa m wè limyè nan vi mwen
(bonita, bonita, bote w epate m)
Bèl bouch pwès tankou fwamou, regard majik,
Epi bèl tete bonbe (my wonder, ou domine m)

[Pre-chorus]
Chak souri w, chak rega w
Chak foto w fè kè m fè pip pip
Ou fin fè lanmou fè aksidan sou mwen
Koulya wap klaksonnenm, wap fè kik kik (anmweeee)
Chak fwa m tande vwa w, m anvi nan bra w
M gentan obsede
Tout ti jès enpòtan, tout sa w fè ajite m
M andjable kou moun ki posede

[Chorus]
Anmwe (anmweeee)
Lanmou frape m, m paka epanye m ankò

[Vers 1]
Ou tankou yon anj ki kite syèl li k vin sou latè
Pou chanje lavi mwen
Chak segond m fè ap admire w
Franchman cheri se sak paradi mwen
Kite m pwouve w ki valè w gen
Sakrifye vi m pou ou bb il fallait bien
Kite lanmou m gide w
M pral fè w viv tout sa k te nan lide w
Sanzatann, ou domine tèt mwen
M gentan damou w jouk nan mwèl zo
M swete lanmou pa trèt mwen
Chak segond ki pase, ou pase w repase nan lespri m
Si w twouve m pa jan w vle, fè lekòl mwen cheri enstwi m
Mete m nan gou w, pran m vire m jan w vle
Devan w pa gen thug cheri, menm 2pac ap tranble
Bouch ou atiran kou tomat nan salad
Tou kri m santi m ta manje w, avan ann al f on ti balad
Kite m chuchotter nan zòrèy ou di w kòman w bèl
Yè bb, cheri ou bèl
Tout sa w fè émouvant
Ou fè m vire tankou van
Je m en fiche de ton passé, alors ann al pou pi douvan
Map ba w kè m pou syèl ou pou w rete
Lespri m se lespas ou donk panpannen
Ou s on fanm wouch manman m pral ba w love san rete
E nan je m, ou s on ti noir boukannen

[Pre-chorus]

[Chorus]

[Vers 2]
Se vre gyal ou plen defo, men w gen plis bagay ke m apresye
Ou domine tèt mwen, ann ale tipa tipa san n pa prese
M remèt ou kè m, kò m, lespri m ak tout sa ki ladann
M pap fè w ale, men map fè w vini sou kabann
M pwomèt ou now ak tout lòt fanm map viv kou egare
E machin anm sèl nan parcking ou pou l garer
Lanmou m pou ou chanje m, li fè m wè m te vagabon twòp
Ou ka sal nan je tout moun, men nan je m ou pwòp
New life, new wife, thx god ou banm kado m
Cheri m anvi konn vrè gou myèl, plz ou ka bo m???

[Chorus]