Bonjou Silvouplè Mèsi • Benns Baby

ADDED BY GEN11 (JUL 25, 2018 AT 12:58 AM) 8,985 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2018

[Part 1]
Depi mwen tou piti mape grandiiii
Mwen sonje sa manman mwen te konn di'm
Li pat sèlman montre'm ABCD
Men li te pran tout tan li pou'l bien edike'm
Sa pou'm fè,sa'm pa dwe fè,Jan pou'm aji
Sa mwen fè ke'm pat dwe fè'l rale frèt li'l puni'm

Li montre'm Jan pou'm maché nan LA ri iiiiii
Li menm montre mwen kijan Pou mwen ri iiiiii
Li di'm gen 3 fòmul politès nan LA vi
Avèk yo pa genyen baryè'm paka franchi
Se Bonjour AK silvouplè epui mèsi
Silvouplè moun kap tande aplike Pou la vi

[Bridge]
Pou timoun kap vini yo sa se Pou yo yon chanson
Lap bon Pou yo e Ede yo nan ninpòt relasyon
Pou timoun kap vini yo sa se Pou yo yon chanson
Sèlman pa bliye,pa bliyeeee

[Choeur 4]
Fò'n toujou di Bonjour
Fò'n di silvouplè
Sonje di mèsi apre tout Bagay

M konn yon blòdè'k pat jan'm di moun bonjou
Men li bezwen konn lakay tichachou
Sou katye a yo fè'l fè règ joujou
Solèy komanse cho misye tonbe grangou
Li pass'on moun lòd montrem Kay tichachou
Moun LAN reponn li mesye sa Bonjour ye Pou ou

Gen yon jè'n fi'k pat janm di silvouplè
Sa fèm mal pou'm wè jan'l pran n'on malè
Sou yon fèy egzamen li f'on erè
Aprè'l di yo siveyan banm yon mizonè
Yo vinn bay li'l jis yon minit avan lè
Sèbon bèl timoun tankou'w ou pa konn di silvouplè

[Bridge]

[Choeur]

[Part 2]
Lè ou leve le matin kisa pou'w di (Bonjou)
Lè'w kwazye mesye intèl kisaw dwe di (Bonjou)
Lè'w rantre nan sal de klas LA sonje di (Bonjou)
Yeeeeeh yeeeee eheeee

Lè WAP mande yon sèvis sonje di (silvouplè)
Pou montre ke'w trè poli fòk ou di (silvouplè)
Ou vle'm f'on bagay Pou ou fòk ou di (sivouplè,yeeeeeh sivouplè,yeee ehhh silvouplè

[Brass]
Weeeeeeee
Moun kap tande e aplike yo fait du bruit!
Weeeeeeee
Fait du bruit weeeeeee
Fait du bruit weeeeeee
Si vous aiment Benns baby fait du bruit weeeeeeeee

Lè yon moun ba'w yon bagay kisa pou'w di (mèsi)
Pou prouve'w rekonesan kisaw dwe di(Mèsi)
A chak fwa nou Finn manje fò'n sonje di (Mèsi)
Yeeee eehhh yeeee ehhhh
Mèsi yeeee mèsi yeee mèsi

BonDye fè mirak Pou nou kisa pou'n di (mèsi)
Proffessè Finn dispansé kou'l elèv Ann di (mèsi)
Lè'w dessann kamyonèt LA fò'w sonje di (Mèsi)

[Brass]