Fè Chèlbè • Nu-Look

ADDED BY GEN11 (JUN 23, 2018 AT 10:33 PM) 14,762 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2018
Produced by: Arly Lariviere
Lyrics by: Arly Lariviere

[Chorus]
Si w konn kijan pou w itilize talan w – fè chèlbè
Si w aksepte faut de tout pour faire un monde – fè chèlbè
Si w anbrase tout sa w gen avèk fyète – fè chèlbè
Si w pap kite movè jan entimide w – fè chèlbè

[Verse 1]
M pa gen anyen pou m wè nan sa
Se gade m gade m wè m konsa
Se desizyon granmèt la
M rekonèt posibilite m
M devlope talan w ban mwen
Pou m ganye pen kotidyen m

[Choir]
Mwen pap bay egri okazyon
Pou yo ta di podyab pou mwen
Mwen pap bay egri okazyon
Pou yo ta di podyab pou mwen

[Verse 2]
Monchè m ap ba w yon konsèy
Toujou bat pou w ekspwate
Talan w yo aux maximum
Se pi gwo akonplisman
Lè ou rete konsekan
Epi ou jwen siksè

[Chorus]

[Keyboard Solo]
Woy men bagay la
Gregory Jean Baptiste

Pa anmègde m – pandan wape siveye m
Pa siveye m - Rèv mwen ap konkretize
Pa anmègde m – bay tèt ou okipasyon
Pa siveye m – pou w fè chèlbè menm jan avè m
Pou m pa dedouble - Pandan wape pale m mal
Pa anmègde m – Rèv mwen ap konkretize
Pa siveye m – Bay tèt ou okipasyon
Pa anmègde m – Pou w fè chèlbè menm jan avè m

[Choir]
Bondye ban m sante
Li ban m kouraj
Ou pap anpeche m
Fè chèlbè jan m vle

[Keyboard Solo]
Hey men job la, pale m mal son travay

Oh oh pale m mal pou malè w
Oh oh si w swiv mwen pou malè w

Black Roro – fè chèlbè ak sa w genyen
Tomal – fè chèlbè ak sa w genyen
KPS – fè chèlbè ak sa w genyen
Team Jenel – fè chèlbè ak sa w genyen
Ricky – fè chèlbè ak sa w genyen
Speedy – fè chèlbè ak sa w genyen
Arly Vice – fè chèlbè ak sa w genyen

Oh oh pale m mal pou malè w
Oh oh si w swiv mwen pou malè w

Richard Urbain – fè chèlbè ak sa w genyen
Judele – fè chèlbè ak sa w genyen
Monito – fè chèlbè ak sa w genyen
Yonel – fè chèlbè ak sa w genyen
Fanfan Senatus – fè chèlbè ak sa w genyen
Pouchon – fè chèlbè ak sa w genyen
Berlin – fè chèlbè ak sa w genyen
Fanfan Paris – fè chèlbè ak sa w genyen

Gamaniel kanpe
Ban m kanpe (2x)
Pou yo wè m

Menm si ou s on ti machan
Fò w kale kò w fò w ouvè kò w
Menm si ou se yon notab
Fò w kale kò w fò w ouvè kò w
Menm si ou se yon brasè
Fò w kale kò w fò w ouvè kò w
Menm si ou s on supesta
Fò w kale kò w fò w ouvè kò w

Timesye kanpe
Ban m kanpe (2x)
Pou yo wè m

Si w konnen ou g on bèl fanm
Fò w kale kò w fò w ouvè kò w
Si w konnen w byen abiye
Fò w kale kò w fò w ouvè kò w
Si w konnen w son bon flannè
Fò w kale kò w fò w ouvè kò w
Si w son fanm ki
Fò w kale kò w fò w ouvè kò w


BIOGRAPHY
  • With six studio albums and 9 live albums Nu Look has brought what the old folks call "Kompa Direk" (Live Kompa) to our new generation. For Nu Look it's more than the sound that makes them the ultimate "it" band in this kompa world. They are in this category because of their reputation of having the most touching love songs and are also known for please the crowd at their events whether it's with slow, mid, or fast tempo music. During the 13 years of their existence with the leadership of Arly Lariviere as their Maestro Nu look has officially enlisted themselves in the hearts of all kompa lovers, with mega love hits such as "Loving You", "Why Do You Say You Love Me", and "Notre Histore".