Sa N Fè Yo • Zenglen

ADDED BY TIZER (MAY 16, 2018 AT 11:13 PM) 12,332 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: No Dead End
Year: 2018
Produced by: Augustin Esous
Lyrics by: Jean Brutus Derissaint

[Intro]
Sa n fè yo (2x)

[Verse 1]
Poukisa w ap goumen avè m konsa la
Poukisa w ap boule kon dife bwa
Poukisa w rete w jis pouse konn
San w pa gen anyen avè k pèsonn
Poukisa w ap fè vyolans konsa
Ou gendwa pale di sa ou vle
Se ka jan sa a pou yo ba w pase
Sonje di verite, gen sa k pran w oserye
Si se plas pou ou chita
Pa bezwen aji san fwa ni lwa
There's room for everybody
Don't you try to fight with me
Oh yeah

Sa n fè yo (2x)

[Verse 2]
Poukisa w ap fè kout san san rezon
Ou paka paste pou ougan an menm tan
Poukisa w rete w jis pouse konn
San w pa gen anyen avè k pèsonn
Poze zanmi goumen an pa nesesè
Ou gendwa pale di sa ou vle
Se ka jan sa a pou yo ba w pase
Sonje di vérité, gen sa k pran w oserye
Si se plas pou ou chita
Pa bezwen aji san fwa ni lwa
There's room for everybody
Don't you try to fight with me
Oh yeah yeah yeah

[Bridge]
Nou tout tankou zòt se efò n ap fè
(Alo Zenglen)
Fò w pa fè m pè
(Nou toujou anlè menm bato a)
Nou tout tankou zòt se efò n ap fè
(Ha ha ha)
Fò w pa fè m pè

[Keyboard]
Alo dwat, nou pap disparèt
Alo Kaliko, men moun yo

[Riff]
Sa n fè w
Gen sa ki ta vle n boule kou on pay mayi
Sa n fè yo – sa n fè w
Mache di jwèt nou fini, n pa gen avni
Sa n fè yo – sa n fè w
Si n kouche dòmi epi nou pa leve
Ki mele yo – sa n fè w
Sa n fè yo, sa n fè yo?
Sa n fè w
Ala mele yo mele san
Ola mele yo mele san
Sa n fè w
Ala mele yo mele san
Depi n lage n ba yo rezon
Sa n fè w
Sa lèzòm di men se pa sa Bondye di
Sa n fè yo – sa n fè w
Yo mèt mare kat la 3/7 nou pap dòmi ap bay kout tèt
N ap veye yo – sa n fè w
Sa n fè yo, sa n fè yo?
Sa n fè w
N ale

[Horns]
Pafwa lè w lage se viktwa pou enemi
Yo poko wè chapit sa a

[Keyboard]
Zenglen depi w pa la, plas ou rete vid
Alo Eugene, Crazy Chicken
Ou kanpe an Don King

[Chorus]
Gad jan ou pale
Pale di sa ou vle
Kopye tout sa w tande
Ou repete kou jako

[Verse 3]
Pale pale pale pale, se dwa w ou ka pale
Fòk ou pa egzajere
Sa w di jodi ka jije demen
Kijan w vle pou m entèprete ou k ap rele m brother
Komsi w ta di m se frè w
Oubyen se non m ou a vle site

[Chorus]
Gad jan ou pale
Pale di sa ou vle
Kopye tout sa w tande
Ou repete kou jako

[Guitar]
Alo Hennessy, konpa sa a pa gen defisi
Passez à la caisse, forget the rest
Lesly Lagrandel veye yo

[Riff]