Kafe Anmè (Lanmou Lou) • Zenglen

ADDED BY PHKATHIUS1 (MAY 14, 2018 AT 10:32 AM) 24,277 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: No Dead End
Year: 2018

[Verse 1]
Lanmou sa lou, lè'l vle'l glise kou kalalou
Nan prese vale dèfwa m'pa menm grangou
Ke m'gen tò, ke m'gen rezon, mwen mande padon
M'finn fè gwo kòlè apre tout sa'l vle m'fè

[Chorus]
Yon lanmou ale vini
Men m'trouve'm nan siveye fi
Lè'l soti m'pa gen dòmi
Tann m'ap tann pòt la louvri

[Verse 2]
Lanmou sa pa nan rans, gad jan li lage'm san defans
Manti ou verite tout sa yo di, m'pa wè m'pa tande
Zanmi pawòl pa pou ou, sa'k te di'm tonbe damou
Pito'm t'achte'l ak dola, m'pat met tèt mwen nan traka sa

[Chorus]
Yon lanmou ale vini
Men m'trouve'm nan siveye fi
Lè'l soti m'pa gen dòmi
Tann m'ap tann pòt la louvri

Zenglen lifetime guarantee tout tan

Cheri si'w paka pote'm pa trennen'm

Woy woy woy 3x

[Hook]
Tankou kafe anmè ke m'ap fòse bwè
Kòmsi m'ap dòmi je klè
Yon bann vye rèv m'ap fè nan chèche paradi sou tè
Men se ou mwen wè
Tankou kafe anmè ke m'ap fòse bwè
Kòmsi m'ap dòmi je klè
Yon bann vye rèv m'ap fè nan chèche paradi sou tè
Men se ou mwen wè
Nan kisa m'pran la

[Bridge]
Lanmou sa tankou EDH
M'pa konn kilè y'ap bay kilè y'ap pran'l
Se pandan w'ap pran ti filing epi yo koupe'l sanzatann
It's like a heartbeat skip
It's like a one way trip
I feel like taking chances
I feel like going crazy, crazy, crazy, crazy

[Hook]
Tankou kafe anmè ke m'ap fòse bwè
Kòmsi m'ap dòmi je klè
Yon bann vye rèv m'ap fè nan chèche paradi sou tè
Men se ou mwen wè
Tankou kafe anmè ke m'ap fòse bwè
Kòmsi m'ap dòmi je klè
Yon bann vye rèv m'ap fè nan chèche paradi sou tè
Men se ou mwen wè
Nan kisa m'pran la

[Bridge]
Lanmou sa tankou EDH
M'pa konn kilè y'ap bay kilè y'ap pran'l
Se pandan w'ap pran ti filing epi yo koupe'l sanzatann
It's like a heartbeat skip
It's like a one way trip
I feel like taking chances
I feel like going crazy, crazy, crazy, crazy

Woy woy woy (3x)