One Night Stand • Vayb

ADDED BY JESS24 (APR 20, 2018 AT 8:17 PM) 19,658 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Game Over
Year: 2018
Featuring: Roody Roodboy
Lyrics by: Louis Pascal

[Intro]
Ou na na na

[Verse]
Nou tou de te dakò
Ke se yon moman sèlman nou te vle pase
Ke nou pa pral nan renmen
Just for one night
Se pat bagay serye l ye
Nan yon program nou te kwaze
Mwen just mande l fè on ti danse
Nan ploge nou vin sou sa
F on deplase pou n fini sa
Antre nan chanm dezabiye
Mwen pase on moman mwen pap janm bliye
Li pran tèt mwen depi lè sa
M panse avè l matin midi swa

[Hook]
One night stand
Se kondisyon sa ki te pase
Just one night stand
Avan tout bagay te kòmanse
One night stand
Pat panse ke se te on siwomyèl ke mwen tap pral goute
Just one night stand
One night stand

[Verse 2]
Cheri m santi m trakase paske on sèl sware pat ase
M still ap chèche m pa kache w
Sou kadann nan ou sèl m ap chèche
Fanm ki tankou w la m poko wè l la
Bel dash, bèl architeki kòporel la
Ti vant ou plat tete w doubout
Ti bouch ou dous tankou se siwomyèl la
M anvi rekòmanse, m anvi rekonpanse w
Fè w des bagay ki pou gate w
Ki pou ret nan panse w

[Hook]

[Keyboard]
Zonbi goute sèl papa
Lli pa mande rete
Ou zonbifye m

Oh oh oh
Cheri w ale, w ale nèt

Yon sèl nwi pa sifi
M vle genyen w pou lavi
Fanm sa pran tet Roody ak Mickael
Mezanmi se pa ti scenario
Koute mwen ti cheri
Kap di w di mil tanpri
Lè w tande mizik sa nan radio
Just konnen se pou ou m ap flow

M sonje - ti souf ou nan zòrèy mwen
M sonje – dousè men ou sou kò mwen
M sonje – souplès bouch ou sou po mwen
M sonje – tout moman sa yo manke mwen

[Keyboard]

[Outro]
M sonje - ti souf ou nan zòrèy mwen
M sonje – dousè men ou sou kò mwen
M sonje – souplès bouch ou sou po mwen
M sonje – tout moman sa yo manke mwen