Hommages Aux Animateurs • Mass Vocal

ADDED BY NATOU (MAR 29, 2018 AT 11:34 PM) 8,829 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2018

[Intro]

[Verse]
Yo mete tèt yo an dènye pou voye tout mizik atis monte
Nan tout radio nan tout tele yo pa mande touche
Chak jou nou pot CD pou yo
Yon bèl pla men yon pase men nan tèt
Men tout sa yo pa janm sufi
Poutèt sa m vle chante pou yo

[Chorus]
An nou anore yo
An nou respekte yo
An nou di yo mèsi
Mèsi pou tout sa yo fè wo
An nou anore yo
An nou respekte yo
An nou di yo mèsi

Chak jou l soti l pa gen lè rantre - Kanmen fò l al brase
Lari a cho li pa ka soti – pèp la pa enfòme
Li nan tout bal pou l bay son lari a – paske tout moun branche
Men l ap vin itou fatige dèyè yon mikro

Menm si w pa soti nan syèl vi w te dwe dous tankou myèl
Men lavi fè l gen gou fyèl ouh
Se pa lè w mouri pou m rand omaj a ou
Se kounya m vle selebre w

Nou angaje nou pou n voye kilti Ayisyèn monte nan tout sans
Mwen pap janm ka fini remèsye n
Men bon kouraj pou tout travay nou fè

N ap di w mèsi a lenfini
Yon animatè sa pa gen pri
Si jodya nape chante tout se pou ou
Nap selebre w

Chak jou l soti l pa gen lè rantre - Kanmen fò l al brase
Lari a cho li pa ka soti – pèp la pa enfòme
Li nan tout bal pou l bay son lari a – paske tout moun branche
Men l ap vin itou fatige dèyè yon mikro

[Keyboard]
Pou yo n ap selebre
Chapo ba pou yo

Onè pou yo – yo travay di
Respè pou yo – ba yo respè
Bravo pou yo – pa tan yo mouri pou n onore yo
One pou yo – yo pran tout risk
Respè pou yo – pou enfòme n
Bravo pou yo – ann kolabore pou n ba yo lanmou yo merite sa
Onè pou yo – yo dòmi ta
Respè pou yo – leve bonè
Bravo pou yo – ann mete vwa n ansanm pou n di respè pou yo

[Keyboard]
Pou yo n ap selebre
Chapo ba pou yo