Kite Ou Rete • Thelo

ADDED BY NATOU (MAR 11, 2018 AT 12:49 AM) 15,110 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2018
Produced by: Magic Touch
Lyrics by: Thelo

Magic Touch

[Verse 1]
M Tanvi pale avè n se pa pou dat mesye
Nou toujou ap chante se pa pou dat
Nou wè le n gen yon fanm se pa pou bat
Ou pa mèt li ou renmen l ou pran l
Si non se bat bouda w
Ou gen on nèg tout tan w move si w vle w souri
Lè l di l renmen w w di l ok
Anh se sa w twouve pou w di l
W ap rele lòt nèg choupit
Pi w fache lè l kouri lal jwenn yon lòt
Ebyen chouchoun ou genlè soufle sou li
Fanm tankou se ze tu’l tiens trop fort ca ce casse
Si tout fwa l ta diferan fe onondipè sa se grase
Fe nèg konsekans, jalouzi konn fe w lèd
Men kòman w vle pou l pou ou sèlman
Pandan ke w gen plizyè mèt
Ou di l gen may ou di l ap chache vire tèt ou
Ou konnen l pa bon epi w rete
Epi wap mache griyen bèk ou
Le sa bon okin moun pa plenyen
Kou l mare y ap rele n vagabon nap rele yo pèlen

[Hook]
Ou wè fanm sa k devan l la pou li
Li wete l mete ladan eske sa deranje
Se swa w kite ou rete avè l
Se swa w kite ou rete
Gason ou pap ka donte li
Se pa ti voras depi l wè vyann li ta manje
Se swa w kite ou rete avè l
Se swa w kite ou rete

[Verse 2]
Ti mès a nou wi tromperi
Lè e nou se kap fè l chak moman nou wè n ta souri
Ou fè l damou wi pi w plen lot fi
Kou w tande yo pran nan kwa nan ti neg ta mouri
Wap kriye pou yon nèg ne gap sipliye yon lòt
Ou pa gen gou ou pran on nèg tout tan kap sikre yon lòt
W ap vin di il m’a tout pris, il t’as tout pris
Ou pran l pou etikèt ak non l sou po w ou fè tatou wi
Ti bout alonj devann nan se li kap gide n
Sikatris sou tout po bouda nou se fi kap grife n
Medam yo lib e yap fè nou tou
Pa mande Bondye doukoun nan men gwosè yap fè nou fou
Lè w renmen ak yon moun ou pa mare
Ki mele m just fè chwa w si w ta bare l
Gason pa bon fanm pa bon e se vre
Leve dwèt si menm yon jou sou madanm ou w pa taye

[Hook]