Inosan • Jeff Prosper

ADDED BY PHKATHIUS1 (JAN 20, 2018 AT 2:26 PM) 27,819 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2018
Lyrics by: Jeff Prosper, Evens Kekal

[Verse 1]
M’te fè’l yon premye fwa, m’pat jwenn yon asirans
M’te fè’l yon segon fwa, men’l te trè konsekan
Mwen bay tout avwa’m, m’pat janm konprann sa
Inosans mwen fè’m peye pou koupab

[Pre-Chorus]
M’pa konn kouri, m’pa konn kache
Lè’m anvi fui lanmou kenbe’m
Lè pou’l ale, li pa eskize’l
Li kite’m ak dlo nan je

[Chorus]
Lanmou konn fè’ w santi w’ap, w’ap, w’ap gouvène
Konsa li konn mete’w tou ba, ba, nèt an dènye
Tout rèv mwen se pou’m jwenn yon moun pou’m pase etènite
Lè lanmou frape pòt kè’m li pa janm etènize

[Verse 2]
Men chak moun mwen avè’l, mwen toujou desu
Lè mwen twò nayif, yo fè mwen soufri
Santiman'm yo fò, mwen damou fasil
Sanble m’pa gen chans, mwen fèt pou’m soufri

[Pre-Chorus]
M’pa konn kouri, m’pa konn kache
Lè’m anvi fui lanmou kenbe’m
Lè pou’l ale, li pa eskize’l
Li kite’m ak dlo nan je

[Chorus]
Lanmou konn fè’ w santi w’ap, w’ap, w’ap gouvène
Konsa li konn mete’w tou ba, ba, nèt an dènye
Tout rèv mwen se pou’m jwenn yon moun pou’m pase etènite
Lè lanmou frape pòt kè’m li pa janm etènize

Mwen espere sou wout mwen ma va jwenn yon moun
Hello lapolis libere'm non

[Hook]
Si'w jwenn yon moun k'ap fè'w kriye, rele
(Mèt kite'l ale)
Pi devan ou pral rankontre yon moun
(Ki pou konsole'w)
Si'w jwenn yon moun k'ap fè'w kriye, rele
(Mèt kite'l ale)
Pi devan ou pral rankontre yon moun ki pou konsole'w