Koyo • K-Dans

ADDED BY PHKATHIUS1 (DEC 28, 2017 AT 5:01 PM) 12,804 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Lanmou Marem
Year: 2017

[Intro]
Koyo, yo rele'm koyo
Zafè koyo sa finn anvayi'm
Koyo, yo rele'm koyo
Ooh ooh ooh

[Chorus]
Lè mwen te fenk parèt nan lavi
Mwen te zanmi ak yon bèl tifi
M'vle bò kote'l toulejou
Chak fwa m'jwen okazyon pou'm di'l
"Cheri m'anvi renmen ave'w"
Timidite anvayi'm.

[Verse 1: Jude]
Mwen te toujou gen feblès pou li
Pou'm di'l tout sa'm gen nan kè'm pou li
Mwen pat gen kouraj pou'm fè'l konnen
Jan m’renmen'l, jan m'ap fou pou li
Men chak fwa m'wè'l ak de twa zanmi
Li pat fasil pou'm mache sou li
Pou'm di'l tout sa k'ap pase nan kè'm
Pou'm di'l tout sa mwen anvi

[Chorus]
Lè mwen te fenk parèt nan lavi
Mwen te zanmi ak yon bèl tifi
M'vle bò kote'l toulejou (se la mwen santi'm byen)
Chak fwa m'jwen okazyon pou'm di'l
"Cheri m'anvi renmen ave'w"
Timidite anvayi'm.

Koyo yo bay pou Ricky a pale non papa

[Verse 2:Ricky]
Depi'w tande lekòl finn lage
M'pase chèche'l pou'n desann a pye
Mwen rate tout bèl okazyon
Pou mwen di'l "I wanna be with you"
Se poutèt sa yo te rele mwen koyo
Koyo, M'pot non koyo
Mwen pat ka pale (m'pat ka pale, non non non non non)
Se poutèt sa yo te rele mwen koyo
Koyo, koyo, mwen pat ka pale.

Se poutèt sa yo te rele mwen koyo
Koyo, koyo mwen pat ka pale (m'pat ka pale, m'pat ka pale)
Se poutèt sa yo te rele mwen koyo
Koyo, mwen pat ka pale.

Mwen pa koyo ankò

[Hook]
Mwen vinn gen matirite
Se laj kap monte
Konyea mwen ka pale
(Mwen pa koyo ankò, mwen ka pale)
Mete'm devan yon bebe
San m'pa gen difikilte
Mwen ka fè'l rele anmwey

Montreal men K-Dans wi
(Djazz ki fè moun ploge a)
Konsa'l jwe tout kote wi
Richard Urbain
(Nan HMI la m'lage konsa)

Jou ale, jou vini, bagay yo diferan

[Hook]
Mwen vinn gen matirite (kounyea m'granmoun)
Se laj kap monte (mwen ka pale)
Kounyea mwen ka pale
(Mwen pa koyo ankò, mwen pa mawozo ankò)
Mete'm devan yon bebe
San m'pa gen difikilte
Mwen ka fè'l rele anmwey
(Mwen pa koyo ankò, mwen pa koyo ankò)

Mwen vinn gen matirite (cheri tande non)
Se laj kap monte (Louis)
Kounyea mwen ka pale
Bagay yo vire (mwen pa koyo ankò)

Pipo Montreal
Kòman djaz sa rele: K-Dans

[Hook]
Mwen vinn gen matirite
Se laj kap monte
Kounyea mwen ka pale
(Mwen pa koyo ankò, mwen pa koyo ankò)
Mete'm devan yon bebe
San m'pa gen difikilte
(Mwen pa koyo ankò, mwen pa koyo ankò)