J'ai Appris • K-Dans

ADDED BY PHKATHIUS1 (DEC 27, 2017 AT 6:42 PM) 12,616 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Lanmou Marem
Year: 2017

[Intro]
J'ai appris (3X)

[Verse 1]
Men jou a rive pou'm rakonte aprè sak pase ki jan lavi mwen ye
(ki jan lavi mwen ye)
Anpil eksperyans fè'm reyalize lavi a ban'm chans pou'm rekòmanse
(pou'm rekòmanse)
Gras a Dye m'pa janm tonbe kounyea tout bagay ok
Mwen toujou priye Bondye pou rèv mwen reyalize

[Chorus]
J’ai appris
Qu’il faut toujours donner et sans rien attendre en retour
J’ai appris
Qu’il y a de bon et de mauvais amis là parmi nous
Wi tout sa nan vi ya
J’ai appris
Depi'w travay anpil nan vi'w kanmenm fòk ou rive
J'ai appris

J'ai appris (3X)

[Verse 2]
Chak fwa m'ap gade konbyen mou'n ki pèdi yon bra dwat nan lavi yo dekourage
(Pa dekourage)
Depi'w gen la fwa anyen pa difisil pou ou yon jou kanmenm wa va delivre
(Depi'w mennen la vi'w an byen)
Gras a Dye m'pa jan'm tonbe sou wout mwen tout bagay ok
Mwen toujou priye Bondye pou rèv mwen reyalize

[Chorus]
J’ai appris
Qu’il faut toujours donner et sans rien attendre en retour
J’ai appris
Qu’il y a de bon et de mauvais amis là parmi nous
Autour de moi j’ai bien appris
J’ai appris
Depi'w travay anpil nan vi'w kanmenm fòk ou rive
J’ai appris

Fèt la pou piyay
Fete fete fete fete
Gade gade gade gade
Sil pi dous pase sa (li gate)
Vava men lavi a

[Refrain]
Ohoh
Depi w'ap travay (dejà gen la vi)
Olye w'ap pale'm mal (travay pou rive)
Oh oh!!
Depi'w gen la fwa (deja gen la vi)

Kompa in Vegas w'ap byen fè'l wi

[Hook 2X]
Lavi ya gen wo li gen ba fo'w chèche l
Si'w pa met devwa'w o pwòp ou pap reyisi

[Bridge]
Si'w pa riske anyen ou pap jwenn anyen
Se sa'm tande yo toujou di
Se sou ban lekòl kòmanse rele sou kò'w
Pou'w rive yon bagay demen
Anpil nan nou ap cheche pou'n viv byen
Se pa chita rete ape plenyen
Fòk ou bouge kò'w, konsa'w ka reyisi
Si'w pa travay ou pap rive

[Hook 2X]
Lavi ya gen wo li gen ba fo'w chèche l
Si'w pa met devwa'w o pwòp ou pap reyisi

[Outro]
Oh oh
Depi'w renmen K-Dans (deja gen lavi)
Mete devwa'w o pwòp pou ka reyisi
(Travay pou rive) travay pou rive
Oh oh
Depi'w gen lafwa (deja gen lavi)