[Chorus]
Men bebe a gade fanm nan
Pou li w ap fou li k fè w damou
Men bebe a gade fanm nan
Pou li w ap fou li k fè w damou
Men si on nèg tcheke l ou ka rale fizi w
Si on nèg pwoche l ou ka rale wouzi w
Tire wap ta ta ta ta
Wap tire wap ta ta ta ta
[Verse 1]
Ou pa bezwen fè jalouzi
Ni chèche konnen sa moun ap di
Ou pa bezwen chèche konnen
Sa je pa wè kè pa tounen
Lè ou jwenn kinan w la - pa lage
Lè ou jwenn sa k pa w la - fò w kenbe
Fòk ou bay love yeah
[Chorus]
[Verse 2]
Mete l alèz pa ba l pwoblèm
Depi l renmen w wap genyen l frèm
Mennen l shopping ba l Louis Buiton
Fè li vini pa fè li plenyen
Lè ou jwenn kinan w la - pa lage
Lè ou jwenn sa k pa w la - fò w kenbe
Kenbe li fò
Fanm ou bon pete boutèy - pow pow
VIP pete boutèy - pow pow
Si nou la pete boutèy - pow pow
Wap depanse pete boutèy
Se kinan m li ye
Mwen gen dwa fè jalouzi
Mwen gen dwa goumen pou li
Se kinan m li ye
Fanm sa se fanm pa m m ka fè sa m vle
Se kinan m li ye
Mwen gen dwa fè jalouzi
Mwen gen dwa goumen pou li
Se kinan m li ye
M ap menm rale zam pou li
[Guitar]
[Keyboard]
Di yo sa
Sa se trap konpa
San konparezon, original
Men djaz lari a
Yo di Joube jalou - se pa jalou se prèv damou
Ti Guy Kamikaz jalou - se pa jalou se prèv damou
Dj flow jalou - se pa jalou se prèv damou
Yo di Richard Urbain jalou - se pa jalou se prèv damou
[Guitar]
[Keyboard]
Di yo sa, sa se trap konpa