Rele Sou Kòw • Gabel

ADDED BY PHKATHIUS1 (MAY 23, 2017 AT 6:21 PM) 14,496 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Kenbe Yes Ou
Year: 2017
Produced by: Pachou
Lyrics by: Masterbrain

[Refrain]
Men kijan'l bon
Jan'l ye a'l bon
Men kijan'l bèl
Jan Gabel ye a k'bèl

[Verse 1]
M'te di g'on jan pou ye (yo pat konprann)
Se pa jan'w abiye (lè'w Gabel w'a konprann)
Ke se pa sa'w mete, se pito jan'w kanpe
Jan'w aji, jan'w panse, sa'w itil limanite

[Verse 2]
M'te di g'on jan pou ye (yo pat konprann)
Se pa jan'w abiye (lè'w Gabel w'a konprann)
Pa bèl fanm, bèl machinn, men se jan'w jere vi'w
Kisa'w gen nan tèt la, ki misyon'w sou tè sa

[Refrain]
Men kijan'l bon
Jan'l ye a'l bon
Men kijan'l bèl
Jan Gabel ye a k'bèl

Se sa, se sa (4x)
Dodo bassist HD a

[Bridge 1]
Si w'ap aji mal (li pa bon)
W'ap goumen nan bal (li pa bon)
W'ap pale fanm mal (li pa bon, rele sou kò'w papa)
W'ap kraze Ayiti (li pa bon)
W'ap trayi zanmi (li pa bon)
W'ap leve men sou fi (li pa bon, rele sou kò'w)

Pachou
Se sa, se sa (4x)
Wepa, wepa ti jenn jan

[Bridge 2]
Si w'ap bouyi zen (li pa bon)
Tout lasent jounen (li pa bon)
Ou pap regle anyen (li pa bon, rele sou kò'w manman)
W'ap mande marye (li pa bon)
Ou pa konn fè manje (li pa bon)
Pa konn lave pase (li pa bon, rele sou kò'w)

Oh oh, oh oh
Men kijan nou fè'l wey

Bon... (Woyyy)
Bobdoll (Se fout)
Rele fanatik djazz la (Woyyy)

Wepa

Se konsa'n fèl, kote'n pase nou anvayi yo ak kompa

Fèmen pòt, fèmen pòt (plop, plop)
Fèmen pòt, fèmen pòt (plèk, plèk)
Fèmen pòt, fèmen pòt (tout kote)
Gabel la pa janm bay piyay

[Bridge 2]
Ou panse w'ap fè mal, pou se byen'w pral jwenn (wayan)
Ou pap etidye, w'ap chèche bèl mwayènn (wayan)
Vakabon ta renmen gen pitit gason (wayan)
Si'w pa kanpe jan Gabel ye a tonton

[Hook]
Sosyete ap gade'w
Pa janm bliye nan lavi, tout sa'w fè se li'w wè
W'ap plante, rekòlte
Men fò'w veye si w'ap simen grenn ou nan bon tè

Woyyy
Se fout

Men kijan nou fèl wey