286 • Baky

ADDED BY DIDIER (MAY 10, 2017 AT 8:47 PM) 22,742 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Lyrics by: Baky

[Verse-1]
Dèyè m gen 6, dèyè m gen 9
Dèyè m gen babilòn, dèyè m gen badman, e dèyè m gen chef
Dèyè m gen Gangster, dèyè m gen meufs
Dèyè m gen Rapè, gen gen politisyen blofè, (Bref)
Dèyè m gen neg ki fòme
M Gen raketè, m gen neg tou k pa nan kk
Dèyè m gen fanm kap travay, fanm kap brase, dèyèm gen madan papa
Dèyè m gon nasyon Baka, m gen nèg lavil e'm plen nèg ki nan plaine
Dèyè m gen tout nèg anlè, m gen piti nan lari yo se yo ki pou sèvi'm antè'n
Dèyè m gèn nèg kevite tout pwoblèm malgre'l pa pè danje
Dèyè m gen nèg menm avan ke'w twaze'l lap met dwat li nan je'w
Dèyè m gen lapolis, dèyè'm gen lepolis
Dèyè m gen nèg kap gradye, lè'w leve anba vès li wap wè'l te gen 2 toris
So m byen kanpeeeee

[Refren]
Menm le m poze Pa leve plim sou kòm
M pap mache seul menm si'w ta wè'm poukòm
Nèg yo gentan sispèk
Dèyè m gen 286 nèg
Dèyè m gen 286 Nèg (X4)

[Verse-2]
Dèyè m gen bandi legal nan palè, m gen nèg nan legliz, sou lanmè'm gen pirat
Dèyè m gen tout ti machann sou delmas, m gen nèg bouk chanpay rive nan Rue villate
Dèyè m gen tout nèg ghetto, tout real Bad
Se pa nèg kap vin fè similak
Dayè lè'w wè'm okay dèyè'm gen 10.000 blacks
E Pv m' gen 257 ti milat
Dèyè'm gen Rat, Dèyè'm plen Diva
M gen nèg Gonayiv, e dèyè'm gen ti gwav
Dèyè'm gen Matisan, la saline, jalouzi, solèy, gran ravine, e'm gen nèg nan ti bwa
M gen nèg nan ti bwa, se nèg siw frape'm kap fè'w regrèt kanmèm
Kot nèg kap mache avè'm yo, si'n la fè'm wè 2 dwèt anlè
Pow tire
M gen nèg k'exile
Dèyèm gen nèg aquin, m gen nèg nan zile
M gen nèg dèyèm menm nom yo'm pa dwe site
E'm gen nèg thomassin, laboul, e'm gen nèg nan cite
Très grande kantité
M gen nèg ampute
Se pa nèg devan yo w Ka fè frekansite
Dèyè'm gen fòs ou pa wè, gen Bondye kap veyem tout kote so lavim tankon Cine

[Refren]
Menm le'm poze Pa leve plim sou kòm
M pap mache seul menm si'w ta wè'm poukòm
Nèg yo gentan sispèk
Dèyè'm gen 286 nèg (X4)
(x2)


BIOGRAPHY
  • Baptista Lugendy St-Hubert, mieux connu sur la scène Rap Kreyol sous son nom d'artiste "Baky" est né le 6 mai 1991. Originaire du Sud d'Haïti, plus précisément de la ville des Cayes, Baky a été élevé dans une famille musicienne qui lui a légué en héritage le sens du rythme. Inspiré par la réalité haïtienne, Baky a composé ce qui allait devenir le best-seller l'année 2012 : 'Paske'm se ayisyen'. Pour lui, le Rap Kreyol est un reflet de la majorité des frustrations des jeunes et un médium permettant d'évacuer ces frustrations.

    'Paske'm se ayisyen', sa première chanson a été écrite dans des circonstances bien particulières : Á la fin de ses études secondaires, Baky désirait poursuivre ses études en République Dominicaine. Après avoir entendu parler des conditions de vie de certains Haïtiens (voir leur mort brutale) là-bas, sa mère inquiète, donna une fin de non recevoir à sa demande. Baky se sentit habité de sentiments de colère et de frustration extrêmes qu'il canalisa sur du papier.