Leve Pye W • Kaï

ADDED BY NATOU (MAY 5, 2017 AT 7:27 AM) 15,540 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Champion
Year: 2017
Featuring: Mikaben
Lyrics by: Mikaben

[Intro]
Leve pye w
Ti papa leve pye w

[Verse 1]
Nou chita n ap plenyen plyenyen
Se nou k pi fò nan bay nouvèl ki pap sèvi anyen
N ap kritike tike tike
Men nou pa janm leve on dwèt pou n wè sa n ka pote

[Pre-Chorus]
Genyen k fè ti peyi m nan mal – oh oh oh
Fò mizè sa pa nòmal – oh oh oh
Wap plenyen pa gen lidè
E ou menm di m sa w pral fè
Anyen w pap fè(3x)

[Keyboard solo]
Se pa chita kritike non, fò w ka pwopoze tou wi tonton

[Chorus]
Leve pye w
Ti papa leve pye w
Leve pye w

Sa k ap pwofite fite fite
Se plis ti pèp la nan mizè se plis y ape fete
Yo men ap chache likes sou Instagram
Poste foto peyi kraze vin tounen yon pwogram
Ala w on pwoblèm

[Pre-Chorus]

[Chorus]

Tout sa k vle chanjman yo ann ale

[Chorus 2]
Vle pa vle, fò m rete pran plezi m
Nan peyi mwen Ayiti,
Nan peyi mwen vle pa vle

Nou gen fèt chanpèt , nou gen festival, nou gen kanaval
Oh yeah
Ann travay ansanm pou n met mizik nou entènasyonal
Oh yeah
Djaspora antre ann al visite fè touris local
Oh yeah
Kore peyizan an nou sipòte pwodwi nasyonal
Chante

[Chorus 2]

Ban m on ti lanbi, ban m on ti kleren, ban m on ti fritay
Oh yeah
On bèl fanm kreyòl, banm yon ti souri, yon blòdè pa mind
Oh yeah
Yon blòdè pa mind – jamè (3x)

[Guitar solo]

Hey sa w di m la Mikaben Kai
N ap byen pase wi la

Bon bon bon bon
G on pakèt moun nan sosyete a la nou pral bije mete yo sou men yo wi
Tande

Ou chita la w ap kritike
Wap pale franse – la pa la w
Ou pa janm pote kole
Kou on bagay tonbe ou toujou an premye – la pa la w
Si se lajan wap gaspiye – la pa la w
E se pòch ou ap grese – la pa la w
E si w pa vle nou avanse – la pa la w
Ti papa la pa la w

[Guitar solo]
Sèlman w tande wi
Se toujou menm ti bout konpa
Si les soldats de Kai ne se revoltent pas après cette chanson c’est qu’ils ne sont pas des hommes

[Chorus]
Leve pye w
Ti papa leve pye w

Mikaben Kai