LOL (Pa Fiye) • Klass

ADDED BY TOUSH (MAR 27, 2017 AT 5:15 PM) 15,930 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Fè L Ak Tout Kè W
Year: 2016

Mesdames et messieurs 
Avec vous le groupe Klass
L'unique en son genre 

Cheri zanmi w lan tcheke m 
Pandan l' ap ba w presyon pou w kite m'
Li fè jounen tekste m
Sa deranje m'...

Li teks ou avè m li ka fè l
Aprèsa l' teks ou "LOL"
Moun sa, ala moun fou se manmzèl 
Ou pa vle kwè m

Tu sais qu'les vrais amis sont rares 
Wayayay
Fò w konn chwazi zanmi w pou lasosyete pa ri w
Il n'faut jamais se fier au hasard 
Au hasard 
(Oh oh oh oh, oh oh oh oh)

Ay
Yon zanmi son frè son sè 
Men lè l' jalou li son kansè
Ki ka mennen ou anba tè
Nan simityè...
Wi wi, lakay ou l' dòmi l' leve 
Nan menm frijidè n' ap manje
Epi se mari w l' ap tcheke 
Sa anraje...

Tu sais qu'les vrais amis sont rares 
Well, well, well
Defwa fòk ou mefye w zanmi sa yo gen danje
Il n'faut jamais se fier au hasard 
Au hasard 
(Oh oh oh oh, oh oh oh oh)

Cheri ou wè l ban m' mwen pa pran 
Aprann ti leson sa tande :
Si kouri pat gen bouke yo patap janm kenbe vòlè 
Anmwe

Nan moman sa papa 
Klass la pa gen tan 
Nou pa layi nou pa laya

(Chante !)
Yo bò kote w, y' ap bòykote w 
Fòk ou veye (yo pale w) pou w pa mele eh eh 
Cheri yo pran w nan L O L
(Se pa de moun ki pran nan bagay sa)
Yo genlè pran w
(Fò w veye, veye)
Nan L O L

(Pa fiye !)
Pa fiye m' di w pa fiye 
(Mwen di pa fiye)
Pa fiye zanmi fi ak mennaj ou baby
(Pa fiye)
Pa fiye m' di w pa fiye 
(Mwen di pa fiye)
Pa fiye zanmi fi avèk mari w baby

Li di l' zanmi w - li di l' zanmi w 
Pouki l' ap tcheke mari w - Paske l' son kouto de bò
If she's your friend - she's your friend 
Think why is she after your man - Baby girl ain't loyal

(Pa fiye !)
Pa fiye m' di w pa fiye 
(Mwen di pa fiye)
Pa fiye zanmi fi ak mennaj ou baby
(Pa fiye)
Pa fiye m' di w pa fiye 
(Mwen di pa fiye)
Pa fiye zanmi fi avèk mari w baby

Li di l' zanmi w - li di l' zanmi w 
Cheri m' vle viv avè w m' kenbe kè selman
Si w pa gade devan w w' ap pran nan L O L

Woy woy woy woy yaaa
An jwèt yo batize jwif 
Ou di w pat gen kouran
Kounya w' okouran de klass sa papa

Jan-jan
Woy
Start ti machin nan, start ti machin nan
Zoukap 
Klass 
Ala djaz jwe Konpa papa 
Yo paka fè sa 

Woy woo (chante chante)
Woy woo (m' pa tande)
Woy woo (pi fò)
Woy woo
Ti medam devan m' yo
Si n' pap bay kou nan do 
Foure men nan valiz nou
Rale telefòn nou take a selfie 
Woy
...

Kite l mache 
Woy woy woy woy yaa

Ok, ok
Men diferans ant ‎zanmi jalou e lenmi 
Li pa anpil non
Nou pral tchèk ak lenmi yo d'abord 
Tande sa :
Yo pa vle kè w kontan si w wè sa (du tout, du tout)
Lenmi w pa vle w gen lajan ni bèl fanm (du tout, du tout)
Woy yo pa vle w fè siksè (du tout, du tout) 
Yo pa vle w gen pouvwa (du tout, du tout)
Yo pa vle kè w kontan non, menm 
Yo ta vle w elimine 

Kite l mache 
Woy Woy woy woy yaaa
(Anmweee) 

Bon
Au tour des amis jaloux 
Kè w gen dwa kontan men : pa pase yo 
Ou gen dwa gen lajan bèl fanm men : pa pase yo 
Ou gen dwa dwa fè siksè men : pa pase yo 
Ou gen dwa gen pou vwa : pa pase yo 
M' pap pran nan K O U non mwen menm 
Depi zanmi an jalou ou pral pran kou 

Ou wè kou a ?  
Start ti machin nan, start ti machin nan 
Zoukap
Klass 
Ala djaz jwe Konpa papa
Konpa papa Konpa paaa ay

Woy woo 
Woy woo
...


BIOGRAPHY
  • Founded on April 18th, 2012, KLASS is a new school of Haitian konpa where everyone is welcome to enroll and attend. Since its inception, clean competition, determination, and respect have been the core elements to maintaining a report card of success.

    When you ask the female fans "Where they are heading?" they reply that they are going to "KLASS". Ask the male fans, "How they function?" and they answer that they do everything with "KLASS". Finally, you ask the promoters, "What they think?" and they reply that "an event without this band will have no 'KLASS!'