Pa Mòde • Harmonik

ADDED BY PHKATHIUS1 (JAN 18, 2017 AT 6:52 PM) 12,529 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Let's Go
Year: 2011

[Verse 1]
Kite'm di ou
Mwen konnen sa ki padon
E mwen kwè nan konpasyon
Lavi twò kout
Pa gen plas pou trayizon
Se sa’k fè nou diferan
Mwen paka mete tèt mwen nan plas ou
Se sa’k evite’m fè sa ki pa bon
Pouki'w vle ban'm kou pandan m'ap ede'w
Eskè’w pa wè siksè'm nan avantaj ou

[Verse 2]
Sa konn rive mwen anvi louvri bouch mwen
Pou'm di otan, otan
Si ou kwè nan fè sa ki mal
Ou ka fè li pou yon tan
Men’w pap ka fè'l pou toutan non non
Mwen paka mete tèt mwen nan plas ou
Se sa’k evite’m fè sa ki pa bon
Pouki'w vle ban'm kou pandan m'ap ede'w
Eskè’w pa wè siksè'm nan avantaj ou

[Chorus 2x]
Pa mòde men ki ba'w manje
Demen ou ka gen bezwen'l

[Bridge]
M'te di'w mechanste pa ladann
W'a va suspann fè sa’k pa sa
Yon jou w'ap fas ak konsyans ou
Pap gen pèsòn pou defann ou
Yo di sa'w fè se li ou wè
Zanmi w'te gentan nan erè
Libere lespri'w de sa ki mal
Repanse vi'w pou pa gen remò

[Chorus 2x]
Pa mòde men ki ba'w manje
Demen ou ka gen bezwen'l

[Bridge]
M'te di'w mechanste pa ladann
W'a va suspann fè sa’k pa sa
Yon jou w'ap fas ak konsyans ou
Pap gen pèsòn pou defann ou
Yo di sa'w fè se li ou wè
Zanmi w'te gentan nan erè
Libere lespri'w de sa ki mal
Repanse vi'w pou pa gen remò

[Outro]
Pa mòde men ki ba'w manje
(Aprann viv ak senplisite)
Demen ou ka gen bezwen'l
(Chanje kè’w, chanje lespri’w)
Pa mòde men ki ba'w manje
(Kite sa ki bon domine’w)
Demen ou ka gen bezwen'l
(Fè’l avèk anpil imilite)
Pa mòde men ki ba'w manje
Demen ou ka gen bezwen'l ….