No More Pain • 509

ADDED BY VONSHI (DEC 13, 2016 AT 9:14 PM) 18,642 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2016
Lyrics by: Kenny Desmangles

[Verse 1]
Kounye la m pap soufri ankò
Moun pa ka di se mwen k antò
Mwen san regrè mwen san remò
Mwen bliye tout touman, padone tout ti tò
It’s ok menm si w pa banm bò
Di tout zanmi w se mwen k pa bon
Sa pa nwi m ni l pa deranje m
Mwen deja reziye m, already know your game
Grasadye mwen pap fèb ankò
Soufrans lanmou ran mwen pi fò
Mwen jwenn lagerizon
Wi m refè kè m lage nan prizon

[Verse 2]
Pa bezwen enkyete w no more
Ou banm konfò m nan so supò
Se vre g on lè wi m te pèdi
M tap mouye nan lapli kounya m jwenn parapwi
Grasadye mwen pap fèb ankò
Soufrans lanmou rann mwen pi fò
Mwen jwenn la delivrans
Wi m refè soti nan dezolasyon

[Keyboard]
Mèsi Bondye mwen refè
Mwen jwenn remèd
Kounya m refè m pa soufri ankò – no more pain baby

M konn rete tout lannwit ap tann ou w pa rantre
M ap fè tout refleksyon, tèlman m boulvèse mwen pa sa dòmi
Ou konn fè m abiye m pou n soti epi w pa vini
Ou pa menm gen decency voye on text mesaj to say I’m sorry
Kounya sa fini yea yeah

[Keyboard]
509
Mwen jwenn remèd
Kounya m refè m pa soufri ankò

M konn rete tout lannwit ap tann ou w pa rantre
M ap fè tout refleksyon, tèlman m boulvèse mwen pa sa dòmi
Ou konn di w al travay e poutan se pa vre
Lè mwen telephone w patron ou reponn li di w an konje

Cheri m refè, m pap kriye pou ou ankò
Dlo nan je m seche kè mwen repare I’m better
Mwen pa rayi w ni m pa kenbe w nan kè
Malgre ou fè m soufri m still ta vle wè ou happy

Cheri m refè

[Guitar solo]

Kounye a kè m kontan, m ap souri pi souvan
M jwenn yon lòt moun kap ban m lòv tanzantan
Tout sa k fèt nan lavi li fèt pou yon rezon
Pafwa yon mal konn tounen benediksyon

No more pain

[Keyboard]
M ap rejwi, 509

Kounya m refè m pap soufri ankò

Cheri lè w te avè m ou te gen non
Kounya menm prenon w pa genyen