Bayo Zépòl • BélO

ADDED BY JEWIPA (DEC 3, 2016 AT 1:39 PM) 19,451 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2016
Featuring: Stanley Georges
Produced by: BélOMusic
Lyrics by: BélO

De je li te louvri on bon jou li wè
Li wè solèy, li wè yon syèl
Men lang li pat ka pale di jan yo bèl
Li wèl men gon pwoblèm
Yon lòt menm tande vwa lanati men'l pa wè
Zwezo chante pou li, dil jan li bel
Fòl ta touche tout kote pou li jwenn chimenl
Wi g'on pwoblèm

Pwoblèm yo se nou ki fè kòmsi'n pa wè
Pwoblèm yo se kè nou ki manke chalè
Nou inyore yo komsi yo te san valè
Tande yo, tande yo
Pwoblèm yo se nou ki gen je men k'pa wè
Pwoblèm yo se kè nou ki pa vle renmen
Nou neglije yo kòmsi yo pat menm avè'n
Gade yo!

Yo bezwen nou reponn
Yon timoso nan fòs nou , ka fè yo santi yo fò tou
Annou bayo zepòl
Si nou moutre yo lanmou, nou ka fè rèv yo wè jou
Wo oh , ooooh ooooh oooooohh

Li grandi lgrandi lfin granmoun
Poutan nan lespri l'ret timoun
Toujou ap jwe elas pa janm evolye
Yon lòt lespri li pa gen bout,
Imaginasyonl fè tout wout
Menl paka mache , noooo
Sil briye lbriye plis ke yon
Intèlijans li ka bon pou tout
Yon peyi deprave, ann kitel patisipe
Se pa aparans ki fè moun men imaj Bondye'k nan tout moun
Ansanm fòk nou mache eee.

Pwoblèm yo se nou ki fè kòmsi'n pa wè
Pwoblèm yo se kè nou ki manke chalè
Nou inyore yo komsi yo te san valè
Gade yo

Yo bezwen nou reponn
Yon timoso nan fòs nou , ka fè yo santi yo fò tou
Annou bayo zepòl
Si nou moutre yo lanmou, nou ka fè rèv yo wè jou
Wo oh , ooooh ooooh oooooohh

Pwoblèm yo se nou ki gen je men k'pa wè
Pwoblèm yo se kè nou ki pa vle renmen
Resous nou se pou sila yo'k nan bezwen
Ede yo!

Yo bezwen nou reponn
Yon timoso nan fòs nou , ka fè yo santi yo fò tou
Annou bayo zepòl
Si nou moutre yo lanmou, nou ka fè rèv yo wè jou


BIOGRAPHY
  • BelO has been hailed as Haiti's musical ambassador to the world. A socially conscious singer-songwriter with a sophisticated sound and winner of numerous awards, including the prestigious "Prix Radio France International Discoveries of 2006," BelO's sound is a sublime mixture of Jazz, Worldbeat, Rock, Reggae and Afro- Haitian traditional rhythms known as "Ragganga". After the January 2010 earthquake in Haiti, BelO's primary focus was to create awareness for his country at various performances around the world. BelO's third album "HAITI DEBOUT," (Haiti Stand-up -2011) was released under Radio France/France Info and distributed, globally, by Harmonia Mundi. During the "HAITI DEBOUT" tour, BelO has performed in Germany, Rome, Romania, France, South Korea, London, Canada and the U.S.