Se Pa Sa • T-Vice

ADDED BY TIZER (NOV 28, 2016 AT 2:12 PM) 19,818 VIEWS EDIT

Genre: Other
Album: Nou Tounen Pi Fò
Year: 2016
Featuring: J. Perry
Produced by: Reynaldo Martino | Marvens Bastien
Lyrics by: Jonathan Perry

[Intro]
Vice2K
J Perry
Marv B

Se pa sa
Sa w panse a se pa sa
Se pa sa

[Verse 1]
Dèfwa nan lavi nou pentire moun apati de sa n tande yo di (eya)
Istwa nan lari vwayaje rapid sitou lè l se manti (ye a)
Sa k ap pran pòz y ap byen mennen
Kanpe sou fake ap fè tenten
Pa jije san w pa konnen, aparans pa vle di anyen
Kounya lemond fin evolyo, rezo sosyo fin debòde
Sa yo poste pa verite, sanble l’automne men se l’été

[Hook]
Se pa sa
Se pa, se pa sa
Woy woy woy, sa w panse a se pa sa

[Verse 2]
Gen sa k reyisi ou patap janm di sa sou fason y aji (eya)
Yo pa janm fè bri
Yo pa gad sou lòt, e yo pa nan demagoji (eya)
Sa k ap pran pòz y ap byen mennen
Kanpe sou fake ap fè tenten
Pa jije san w pa konnen, aparans pa vle di anyen
Kounya lemond fin evolyo, rezo sosyo fin debòde
Sa yo poste pa verite, sanble l’automne men se l’été

[Hook]
Se pa sa
Se pa, se pa sa
Woy woy woy, sa w panse a se pa sa

[Keyboard solo]
Let’s go
Everybody put your hands in the air
Hands in the air
Like this
Say
Oh oh, oh oh (rpt)
Bagay yo pral chavire
Oh oh, oh oh (rpt0

[Bridge]
J Perry man – se pa sa sa
Lajan pa vle di kè kontan – se pa sa sa
Abiye chè pa vle di flannè – se pa sa sa
Gwo dada pa vle di lasante – se pa sa sa
Bèl flè pa toujou santi bon

[Keyboard solo]
Anmwey
Oh oh, oh oh (rpt)
Alo Alex

[Outro]
Yo tande, pésepsyon ka twouble opinyon
Fò n pa kite sa n tande gen fòs sou sa n viv ak sa n wè klè
Roberto Martino, J Perry, atis peyi a, atis pèp la
Ou tande

[Hook]


BIOGRAPHY
  • Being sons of the legendary Robert Martino, Roberto and Reynaldo over 15 years ago embarked on a musical journey that has been a roller-coaster ever since! T-Vice is a Haitian Kompa musical band that formed in 1992. The group was formed by brothers Roberto Martino and Reynaldo Martino. Longtime friends James Cardozo and Gerald Kebreau were soon added making the quartet. In 2005 the band reinvented itself by adding Olivier Duret, Eddy Viau, Rivenson Louissaint and their newly added congas player Ricot Amazan. They are 8 now rocking the concert and bal stages all over the world! T-Vice is known for their catchy lyrics and energetic vibe, as well as the modern party scene they bring into the genre of Kompa.