Fòk Tèt Ou La • Roody Roodboy

ADDED BY GEN11 (SEP 27, 2016 AT 11:47 PM) 18,433 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Featuring: Fantom
Lyrics by: Roody Roodboy

[Intro]
Yo yo yo yo
Ou pa renmen’l vre
Its Roody Roodboy
Fantom eklate

[Pre-Chorus]
Nèg k’ap bwè avè’w k’demake lè yo pral manje - Atè pou mete yo
Nèg k’ap vinn ba’w baz sèlman lè’w gen pou depanse - Atè pou mete yo
Moun k’antre sou ou sèlman lè yo bezwen pou prete - Atè pou’n mete yo
Se mwen, se yo…

[Chorus]
Fòk tèt ou la frè’m - Pa kite zanmi gaspiye’w
Fòk tèt ou la sè’m - Pa kite moun itilize’w
Fok tet ou la frè’m - Pa kite zanmi detounen’w
Fòk tèt ou la sè’m - Pa kite zanmi’w yo devye’w

[Verse 1]
Yo yo
M’pap pale an parabòl, M’pral vinn dwat sou verite a
Nèg k’ap ba’w j’approuve la, Se li menm pou evite a
Yo rele’w boss, Yo rele’w baz, Yo rele’w patron
Kou lajan’w fini granmèsi chyen an s’on kout baton
Fo’w maton, mete tèt ou sou zepòl ou
Y’ap pale’w de pwogram jamè yo pap pale’w de lekòl ou
Lè’m nan pwoblèm mizè’m poukò mwen
Lè’m gen afè’m kite’m jwi li poukò mwen

[Pre-Chorus + Chorus]

[Verse 2]
Y’ap pran’w pou tou piyay, pou toujou bay, y’ap lave men ou
Use ou tankou kobay, si’w pa met may, enbyen frèm men ou
Pou yo fòk sant mizè ya ta toujou ret anba nen ou
Lè’w te genyen ou tonbe, menm frè’w ka di li pa konnen ou
Fòk tèt ou la, se tèt ou dabò, gen trèt tou abò, fè byen se fwèt
Lè’w gen y’ap avèw, y’ap rele mèt, y’ap ba’w tout pawòl pou blanchi’w nèt
Egzanp, mwen menm ki la m’te gen disip ke Jezi Kris
Moman kalmi yo m’pat wè yo youn, yo t’ap viv nan mond jidayis
Travay Bondye fè’m ret nan menm, je’m vinn louvri m’wè s’ak t’atè yo
M’klete pòch mwen, gen sa’k te pwòch mwen, m’dekouvri k’te eksplwatè yo
Alèkile pa gen zanmi ankò, gen defandè enterè
M’tou pale’w fòk tèt ou la, pou devan’w pa tounen dèyè’w
Eklate

[Bridge]
Menm Bondye di pa met konfyans nou nan lòm
Se sak fè mwen pran mizè mwen pou kò’m
M’veye, M’priye, M’fè kòmsi m’pa sou bò’n
Letènel m’ap priye li pap janm kite’m pou kò’m

[Chorus]