Higher • PIC

ADDED BY GEN11 (SEP 27, 2016 AT 6:38 PM) 33,210 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Lyrics by: PIC

[Intro]
Hip hop hip hop
Hip hop hip hop
Hip hop hip hop is on fire
Hip hop hip hop
Hip hop hip hop
Hip hop hip hop pic is higher
Yo Hype….ah ah ah ah its the P to the I to the C nigg’

[Verse 1]
Tounen nan booth tankou lanmò se poum ka di w son pasaj oblije
Lyrik yo pa swa,tout mc tèt chadèk yo prije
Pa bezwen chematize ni twomatize pou yo pigé
Ni m pa bezwen mil lèt pou montre milèt linèt pap ka vo pri je
(Men pouki w repran mic PIC?)
Bon lank plim nan poko fini M vin defini, BOUT RAP RÈD pou sak potko feel li
M te vini voye à la ligne e avili sak potko fini
M te mache ak yon chèz ni ak yon ban pou sak potko vini
(M pa vin pran plas pèsòn)
M ap big up Tonymix kap fè slogan an mache
M reziyem nan ti brete pou mizik mwen sou gran mache
Si w bon fache, vas chier vache chetif pa koute chè apre pòte
Ap repòte ekwè m te…
Rekò m te seme map rekolte
Lekòl te aprann mwem ekri e lè m ap ekri son lekòl
Lem ap tandem li banm efè yon malfektè kap sonde kòl
Fizi m mwen chanje epòl M pa chanje sezon m chanje pôle
M pa konfonn vitès ak presipitasyon lè m sonje Paul (WALKER)
Depi m la konnenw byen jwenn memsi n poko ka kontre
Lyric poko ka konte banm beat ki poko ka donte
Fan yo poko kontantem son oeuvre ki poko kontanple
W poko tante men wap wè vale m.memsi w poko konn konte

[Hook]
Paske se….BOW! Level mwen get higher
Focus sou karyè m menm lè tèt mwen higher
BOW HIP-HOP is on fire
Dayè m monte level sa son new PIC parapò a yè

[Verse 2]
Poussez-vous que je m’installe, rele m application
Ou ka pi mal ke mwen men ke mwen ou paka pi gason
Lyric rock, woule nan tout block, se pa lapidasyon
M fon hiphop tsunami e dèyè’m gon lapli gason
Lapli pa son, bay animasyon
M bay defi k ka nwi gason
Ekri yon album anba dlo mpa batrasyen mpa ni pwason
Mpat konn reponn bonjou yo di m fow pa rasis PIC
Map big up Mechans-T tou pou m di l m fon Rap parasismik
J’niquais le beef depi lè m pat site nan okenn zòn
Yon mixtape 25 tracks sanm pa site non pèsòn
Pyès tòn pap ka kraze balans M konn pwa mo yo m paka balans
Fèk fon move chwa nan viw si janm mate a ou pat fon K-dans
Tèt kwòt pa gen foli blo se pa pè’l pè sechwa
Si m pa tagèt pesòn se pa pè m pè pèseswa
Lyric yo pèse swa, se kouto nan bè
Epi m pa pè okenn KA devan yon lòt KA oubyen yon lanbè!
Depi m la konnen w byen jwenn memsi n poko ka kontre
Lyric poko ka konte banm beat ki poko ka donte
Fan yo poko kontantem’son oeuvre ki poko kontanple
W’poko tante men wap wè valè’m.memsiw poko konn konte

[Hook]
Paske se….BOW! Level mwen get higher
Focus sou karyè m menm lè tèt mwen higher
BOW HIPHOP is on fire
Dayè m monte level sa son new PIC parapò a yè

[Outro]
Ah ah ah ah
Menm ekip la menm MC a
Hip hop hip hop
Hip hop hip hop
Hip hop hip hop is on fire
Hip hop hip hop
Hip hop hip hop
Hip hop hip hop pic is higher
Yes, lè m ap ekri…album nan!
Depi m la konnen w byen jwenn memsi n poko ka kontre
Lyric poko ka konte banm beat ki poko ka donte
Fan yo poko kontante m son oeuvre ki poko kontanple
W’poko tante men wap wè valè’m.memsiw poko konn konte

[Outro]
Paske se….BOW! Level mwen get higher
Focus sou karyè m menm lè tèt mwen higher
BOW HIP-HOP is on fire
Dayè m monte level sa son new PIC parapò a yè