Pwezisyon • Règleman Afè Popilè

ADDED BY STREETMAN (SEP 10, 2016 AT 11:24 PM) 19,364 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Produced by: Aza/A5 Records

[Entwo : Vava]
Chak gout swè kò nou
Pentire figi lari
Vwa n se bwa penso
Nou klere souri lavi

[Kouplè 1: Schill]
Plim nou se chèf pwèl li, pyès mòpyon p ap jouke bwa li.
E li p ap pèdi fèy, menm lè Dezòm ta souke bwa li.
Nonpli m di l p ap konplis, chak rach yo vin koupe rasin.
Lè lach yo pentad nan rèv, li se mawon ki pote medsin.
Plim nou p ap vag, menm lè tan mare l ap flote.
Li p ap pran kòd, menm nan jwèt marèl l ap sote.
Son nou s on lèt, ki chita kò l nan yon laye.
Ki p ap regrèt, pou li kase tèt chak fwa l kaye.
Lè lank nou ap koule, tout bak vid mèt pwoche.
Zèv nou vin separe, pou batay la pwojte.
Pou nou pa pran nan mera, nou pa janm monte a 2 ran.
Se sa k fè nan konbit, nou pa gen fán nou gen aderan.

[Kouplè 2: Ann Di]
Lè papye n blese li ekri san li sal Leta
Li lave dlo nan je remi gout swè ki nan fon tamara
Chak lè pla pye n blese li kriye jan n non sal eta
L akòde do li jere mi kouplè ki fè chan travay la
Se yon mizik san refren pwezi k koule lè site brake zam
Po l black e sa l fè sik koule lè lavi brak e sal
Melodi lapli sou do tòl chak gout pousyè k ap chame dlo
Karès yon wòch sou vit machin chak fwa sechrès nou chache dlo
Li se rèl fi k ap jemi apre patwon sou kabann blo pita l
Sou kabann lopital li se rèl vi k ap fleri
Nou pa met jounal sou de ran paske n pa fan atik
Rap BOSAL chaje aderan nou pa gen fanatik

[Refren : Vava]
Melodi n kanpe ak dwèt lonje
Nou pap pran tè nou sèmante
Vwa n chante e van leve
Pousyè nan je gran gozye (2 fwa)

[Kouplè 3: Ardy]
Apre chak manif, nou pran yon ti siwo
Pou n dezanfle gòj nou
Tranpe tisiwo
Pou n tape manm nou
Rale pwezi nou
Pwezi nou, se konprès
Apre maspinay Leta
Se kont près
Apre move nouvèl lis
Se pa kronik yon jounalis
Yo peye deja
Se pa kronik yon jounalis
Yo peye deja
Se bout kòd ki mare ren aksyon n
Ki klere pozisyon n
Nou kanpe drèt, nou pa gen fay
Si w twouve pwezi nou twò di
Nou pap bal dlo cho fèy papay
Nou nou alèji ak gòm
Nou pap twoke fon pou fòm
Nou siyen kontra lanmò nou
Ak po bouch nou
Sa se pwezisyon
Pwezi-aksyon
Se sak fè nou pa gen fan
Nou gen aderan

[Kouplè 3: Mozo Wedly]
Sispann gad dwèt nou lè n ap montre zetlwal
Mwens konsyan de talan n,plis konsyan de sa n denonse
Si yon atis chwazi zèv li pou kle
Se chwa l
Gen kèk pòt anvan l louvri n ap gentan defonse
Nan pataje plim ak tout powèt ki revòlte nou jwe rap ak revè
Menm lè defi n se fè pòtrè zwazo n san èd Jak prevè
Kouman,pou n desinen lajounen,pentire lanjelis
San reprezante ti machann,peyizan ak ouvriye
Kouman, pou n pale ak Kazimi pandan n ap pale ak madan jelis
San entansyon ouvrije l
Ekriti n s on jès, yon diskou, yon zak politik
Sa pa yon senp vès, s on kò nan yon kazak powetik
N oblije ret aktif pou imajinasyon n aktive
Rap bosal pale de kaptif pandan maji son l ap kaptive
Sa ki klè
Pwezi ak konviksyon, pa gen fan nou gen aderan

[Refren: Vava]
Melodi n kanpe ak dwèt lonje
nou pap pran tè nou sèmante
Vwa n chante e van leve
Pousyè nan je gran gozye (2 fwa)

[Outro: Vava ak Clyd]
Chak gout swè kò nou
Pentire figi lari
Vwa n se bwa penso
Nou klere souri lavi