Lavi America • Roody Roodboy

ADDED BY PHKATHIUS1 (JUL 29, 2016 AT 12:31 PM) 22,841 VIEWS EDIT

Genre: Other
Album: Fok Tet Ou La
Year: 2016

Yo yo yo
It's Roody Roodboy
Gwo Bout Mizik Empire

Nan peyi’m m’pat vle rete
Etazini mwen te monte
Lavi miyò m’tal chèche poutan m'echwe

[Chorus]
Lavi america se pa on bagay fasil
(Sa’k te voye'w)
Travay america se pa on bagay fasil
(Sa’k te voye'w)
Al lekòl america se pa on bagay fasil
(Sa’k te voye'w)
Byen vire america se pa on bagay fasil
(Sa’k te voye'w)

Lè mwen te fenk debake
Tout fanmi mwen t’ap fete
Yo te pran’m pou ti bondye
Y'ap adore mwen
Lè gen de mwa k'finn pase
Yo mande’m kilè’m prale
Yo kòmanse imilye'm
Y'ap repouse mwen

Kite’m nan kay la san manje
M'pi lèd pase koukou
Tcheke patnè'm adwat agoch
M’ap chache bras m’ap chache kou
Chak tan lepè a gade’m
Se komsi'l di'm: "al fè wout ou"
Pou valè bill li gen pou’l peye
Li pap vinn met apse sou klou

[Chorus]
Lavi america se pa on bagay fasil
(Sa’k te voye'w)
Travay america se pa on bagay fasil
(Sa’k te voye'w)
Al lekòl america se pa on bagay fasil
(Sa’k te voye'w)
Byen vire america se pa on bagay fasil
(Sa’k te voye'w)

Poste foto sou facebook
Fè moun konnen m’ap byen pase
Poutan ti trip ap manje gwo trip
M’preske trepase
M’telman gen pwoblèm
M’santi lespri mwen trakase
M’santi m’pèdu valè’m
M’ap mal pase

Plede manje manje dòmi
Nan salon m’ap dòmi
M’tankou yon momi
Haiti m’sonje manmi
America pa gen zanmi
Li pa gen fanmi
Si’w pa gen backup
Depi anlè’w deja kanni

Fatherby rele’m li di’m fò’m degaje’m
Jwenn yon bèl ti fanm nan peyi blan pou’m marye
Men fòk m'veye’m paskel ka pyeje’m
Ak yon child support li kapab fon jan’l kondane mwen

[Chorus]
Lavi america se pa on bagay fasil
(Sak te voye'w)
Travay america se pa on bagay fasil
(Sak te voye'w)
Al lekol america se pa on bagay fasil
(Sak te voye'w)
Byen vire america se pa on bagay fasil
(Sak te voye'w)

Lè mwen rive america mwen te panse m’nan paradi
Reyalite a vinn frape’m mwen wè kijan lavi a di
Sa m’patap janm fè Haiti, se yo m’ap fè Miami
Lave veso, pase mòp
Epi on vye blan ap ban'm dan di

M’rele ohhh
Mwen pa robo gad jan m’ap bourike
M’kriye ohhh
Se la pou ye pou wè tray m’ap pase
Haiti m’sonje ou
Se sikonstans ki fè mwen lwen’w
Haiti m’sonje ou
Kanmèm yon jou fò’m retounen

[Chorus]
Lavi america se pa on bagay fasil
Travay america se pa on bagay fasil
Al lekòl america se pa on bagay fasil
Byen vire america se pa on bagay fasil