Ede'M • NEXT

ADDED BY NEXTKONPA (JUL 23, 2016 AT 9:38 AM) 21,384 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2016
Featuring: T-Mike & Johny K

-Verse 1-
Lanmou son bagay ki trè frajil
Dèfwa li konn bon li konn move
Depi ou pa byen jere tèt ou
Li ka fèw rayi moun ki renmen
Ou konn pran tanw pou viv ak yon moun
Epoutan ou pa menm nan lespril
Tout moun ka wè lap utilizew
Se jou lap konte pou li ale

Lanmou ka fèw kriye
Lanmou ka fèw jwaye tou
Se nan tout lemond li konsa
Lanmou pa janm nan pati pri
Lanmou ka fèw mache
Nan lari tou dezabiye
Fok ou fè très attention
Li ka tounen on addiction

-Verse 2-
Dèfwa ou konn fè yon moun konfyans
Ou bali tout sa ou posede
Epi se li menm ki pral trayiw
Ki pral tounen sitron nan lèt ou
Fanmi mwen te di nou pa sanble
Mwen te bouche jem pou nou mache
Pouki se mwen menm ou maltrete
Pouki se mwen ki pa bon nan je'w

Mwen bay kèm, bay vim, bay sanm
Eske mwen pa sufizan?
Mwen vle konnen
Mwen vle aprann
Vrè fason poum eksprime lanmou
Kiyes ki ka edem?

-Chorus-
Edem...
Edem renmen pi byen
Poum ka suspann plenyen
Edem...
Montrem pa tout mwayen
Pase pa tout ti kwen

-Verse 3-
Pouki mwen fè dizan ap chèche
Sa lanmou reprezante
Pa janm gon moun ki oze
Justifye sa lanmou ye
Lanmou fè tout moun kriye
Lanmou fè tout moun ere
Vinn explikem kisa sa ye
Tanpri edem...

-Chorus-
Edem...
Edem renmen pi byen
Poum ka suspann plenyen
Edem...
Montrem pa tout mwayen
Pase pa tout ti kwen

-Refrain- (2x)
Lanmou se yon zwazo
Li poze nenpot kotel vle
Li vole nenpot lè li vle
Son reyalite
Lanmou pa gen nivo
Li antre sou moun jan li vle
Li pa gen lwa li respekte
Sa se gwo koze

-Chorus-
Edem...
Edem renmen pi byen
Poum ka suspann plenyen
Edem...
Montrem pa tout mwayen
Pase pa tout ti kwen