Fanm Ayisyèn • Pidjeypi

ADDED BY VONSHI (JUL 22, 2016 AT 8:01 AM) 20,713 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016

Itz Pidjeypi

[ Premye Pati ]
Dèfwa m rete, mwen tankou youn moun ki crazy
Pou janm wèl ye, tout santimanm tout pasyonm se li
Li gon bèl zye, lè m wè l msanti mwen fremi
Devan BonDye, lè l souri m santi m vle rejwi
Se chak jou m vle palavèl
E m vle kwazavè l
Nègrès ak bèl fòm koka
Souli m anvi fè koka
Li gon bote naturèl
E m vle di l je t'aime
Li menm fè m pouse zèl
Nan mwen lefase tout pèn.

[Refren]
Fanm Ayisyèn yo nou bè è èl
E m renmen wè tout Ayisyèn
Gad kijan fanm peyim yo bè è èl
Respè pou tout Ayisyèn
(2 fwa)

[Dezyèm Pati]
Zye nwa ou mawon
Cheve nwa ou mawon
Son bann medam, bèl swag
Mannequin, diva ou sak nan staj
Look face, byen makiye
Still first, byen abiye
Fanm Ayisyèn yo gen bèl kò
Ni sa kap dekale kò
Met bèl bout jup fè kale kò
Ak yo mwen vle kole kò
Nan la rue, chez moi ou à l'école
Banm bèl Ti ba, nan bar l'école
Se yok fè kè m palpite
Pou yo kè mwen chavire
De yo ke mwen adikte

[Refren]
Fanm Ayisyèn yo nou bè è èl
E m renmen wè tout Ayisyèn
Gad kijan fanm peyi m yo bè è èl
Respè pou tout Ayisyèn
(2 fwa)

[Twazyèm Pati ]
M renmen tande lèl dim je t'aime
Nan li m kwè el bal tout secret m
Em renmen lèl kiss mwen
Lèvres li se sèl sucre mwen
Li se dezyèm Christ mwen
Se li ki kòm guide mwen
Kotel mwen santim byen
E avèl mwen pral pi lwen

Cause I love
Black or white san tach nan po
Bèl anba ak fès byen wo
Fanm anba oubyen anwo
Bèl medam bèl bouch mwen woz
Bom sou bouch met vim byen woz
Jis kaskem pèdi bout souf mwen
Fanm Ayisyèn yo se tout pou mwen

[Refren]
Fanm Ayisyèn yo nou bè è èl
Em renmen wè tout Ayisyèn
Gad kijan fanm peyim yo bè è èl
Respè pou tout Ayisyèn
(2 fwa)

Yeah!!! Thanks for all, my haitian girls
Yeah, love you all
Rolo
Aah ah ah Itz Pidjeypi, Pidjeypi, Pidjeypi, Pidjeypi