4 Kampé • Ayiti Twoubadou

ADDED BY ZOKLO (JAN 27, 2014 AT 10:13 PM) 21,734 VIEWS EDIT

Genre: Twoubadou
Year: 2003
Featuring: Tonton Bicha

Tout tan ou nan kizin
W-ap pale-m de "cordon bleu"
Ou di-m ou se extansil
Mwen te mande-w si se yon rèv
(bis)

Konjigezon tout moun "je verre"

[Refrain]
Je verre
Tu tasses
Il soucoupe
Nous cabarons
Vous godez
Ils cruchent
(bis)

Kenbe (pa la ge)
Se poun kenbe (bis)

[Tonton bicha solo]
Vagabòn son bèt ke frekan
Kon-l sou moun mande-w sigarèt
Vagabòn son bèt ke frekan
Kon-l sou moun mande-w sigarèt
Sou kaban ma-p ba-w yon dola
Sou divan ma-p ba-w goud edmi
Si se sou nat ma-p ba-w senkant kòb
Si se atè ma-p di-w orevwa
(bis)

[Tonton bicha blag]
Maryani, maryani m-pa ka blye-w non
M sonje onlè mwen te maryani
Mwen rankontre yon ti degajès
Alò se m mande-l konbyen-l fonksyone
Li di mwen konsa bon eeee
Kòm se tonton bicha k devan-y nan
La-p f-on pri espesyal pou mwen
Yon spesyal rabè
M mande-l kòman sa ye
Li di mwen kanpe 5 dola
Kouche 20 dola
Men kòm m te gen 20 dola sou mwen
M di enben bon eeeee ban-m pou 20 dola
Alò li gentan ap ranje kòray
Pou- y mande wen eeeee
Bon tonton bicha se kouman wa-p pran-y
M di a ò..ò eben nan ka sa m pa gen le chwa non
Ak 20 dola ban-m 4 kanpe a 5 dola

Ay 4 kanpe tonton bicha
4 kanpe alon granmoun sovaj
4 kanpe.... granmoun devè gronde
4 kanpe ....alon granmoun move
4 kanpe .....tonton bicha
4 kanpe.... gad jan-on granmoun tente
4 kanpe .... alon granmoun sovaj
4 kanpe.... granmoun nan move vre

[Frè toto solo)
Yon machan-n se granmoun
Ye-y se plim
Anba braw se plim
Devan-w se plim
De bò dada-w se plim
(bis)

[Tonton bicha solo]
Vagabòn son bèt ke frekan
Kon-l sou moun mande-w sigarèt
Vagabòn son bèt ke frekan
Kon-l sou moun mande-w sigarèt
Sou kaban ma-p ba-w yon dola
Sou divan ma-p ba-w goud edmi
Si se sou nat ma-p ba-w senkant kòb
Si se atè ma-p di-w orevwa
(bis)

[Refrain]
Je verre
Tu tasses
Il soucoupe
Nous cabarons
Vous godez
Ils cruchent

Ha ha ha nan ka sa van tan-m plen wi