Yon Lòt Vibe • Diyosa Music

ADDED BY JESS24 (JUN 22, 2016 AT 10:56 PM) 11,799 VIEWS EDIT

Genre: Raboday
Year: 2016
Featuring: Badi Kamall, MC, Niska, Trouble Boy

Yeah, Maestro
Di Yo Sa, nou sonen on lòt jan

[Hook]
Oh oh, gad on vibe, gad on vibe – hi
Ayiti ann ale
Oh oh, gad on vibe, gad on vibe – hi
Anyen pa deraje m – s on lòt vibe li ye
Ansanm n ap selebre – s on lòt vibe li ye
Ti mesye y ap fete – s on lòt vibe li ye
Lajenès la ap depoze

[MC]
Welcome to Haiti di yo sa mizik
Bagay malè nèt tande sa pitit
Si w son etranje m ap di w sak pase
Fè m tande w reponn n ap boule
Boule jou boule kòb, boule fanm boule night
Boule pwogram kite beat la woule
Si high ou monte w ou konnen se MC k ap ba w yon lòt vibe
Kite beat la woule
Pou dj an lage pou party a kraze
Pou lajan depanse
Pou medam yo danse
M pa fanm nan on bagay epi l vle on lot bagay
Ok baby avan ban m yon lòt vibe
Bagay malènèt, ann ale

[Hook]

[Niska]
E mwen li ye nenpòt jan m debake
Renmen m pa renmen m y ap gade m y ap gade m
Nèg yo gen foli Jay Z, yo vle se mwen k Beyonce
Di yo sa, ane sa se on lòt vibe li ye
L mèt gen di mil fanm se mwen l feel
Se toujou sa k pa gen stil k ap fè stil
Si w bezwen on nouvo swag mwen gen mil
Mwen siyen dèyè l yeah se mwen k di l
Mwen tankou top model, gad instagram mwen
Mwen toujou sou vibe mwen, vibe sou vibe yea

Ayiti

[Hook]

Ane chanje, vibe mwen chanje m chanje tou
Sa m konn manje, sa m bwè yo chanje chanje tou
Pi renmen chalè lakay mwen s on klima m tizè
Banm chalè tropical pa m nan sant li m ap tizè
Sa son lòt vibe pou tout baz, pou tout vwazinaje
Pou tout vwazin a tout size pou tout vwazin a je

[Hook]

Sak pase n ap boule
Kijan n ye, nou poze
Nan baz la n ap pran plezi
Ak ti medam yo n ap jwi lavi
Yon lòt vibe, anpil feeling,

Ayiti

[Hook]