L'Apostat • K-Libr

ADDED BY JESS24 (JUN 22, 2016 AT 9:11 PM) 23,865 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016

[Verse I]
La force est calme (ok mdakò) sèlman devan feblès.
Pou tòti bat nan kous se lè’l pran devan se pa vitès.
Viktim ka otan koupab (lè’l fè silans) ke moun kap fèl mal la.
Lè enmiw diw depoze zam se poul rechaje pal la.
Les premiers seront les derniers (sèlman nan rèv) si wap li alanvè
Se efò yap diw pouw pa fè, ret pòv onon de jezi.
Si se konsa se tout moun rich ki pwal nan lanfè
E si ta gen on paradi pou sèlman moun ki pòv yo m tap sezi.
Lèm rive yon kote mwen wè se sou 2 pye tout moun
Ap danse depim piti paranm dim danse youn.
Rezilta sè ke m kase danm a fòs kem plede tonbe.
Silans ka konn pale men se pa tout zòrèy kap tande.
Yo diw “garder le silence l’eternel combattera pour vous”
Men mpa wè kot konba ye laa, lè yo fin bat ou kou tanbou
Sispann soufri an silans
Se lè poun ouvri gòj nou
Pa ka se nou ki nan kwizin nan epi se nou tou, kap mouri grangou.

[Hook]
Pa poze w
Si non yap toujou metew sou kote
Ou supoze ouvri je w
Siw pa oze mande koze
Sonw ti jwèt pike kole
Siw pa vle pete tole
Yap tou bliyew
Siw pa ta vle sa rive, ouvè bouch ou fè bri.

[Verse II]
Bat kòw bat kòw
Si wap chèche fòw Bat kòw
Lavi paw se li k sak paw
Sa k Nan vant ou se sa k paw
E pèsonn pap Edew plen li
Menm si yo tandew kap plenn wi
Se sa k rivew lew pa gon Peni
Ou tankou yon gason k pagen peni
Kounya pran laria fè bri
Pou yo kapab tande vwaw
Komanse travay di
Anvanw pansew ka reklame paw
Tout moun kanba se moun kap di
Pèsonn Pa janm lonje bayo
Donk pa kite pèsonn fèw konprann kew paka gon tranch
Ke se ti gato pa yo.
Man, Fè afòw
Fyè ak pòw
Tèt wo si se fè a k lòw
Tout moun paka frè ak sòw
Reflechi avan w fè aksyonw
Koz pèsonn pap la lèw pini
Men se le kontrè lèw beni
Fòw veye tout sa kap vini
Bay sanw pa menm konn sa kap vini
Vanse sanw pa nan gad dèyè
Menm pou fanm anfòm ak bèl dèyè
Konn sak fòw tonbe pouw pa tounen dèyè.
Kwèw ka fè maji, devan tounen dèyè
Kounya pran laria fè bri
Pou yo kapab tande vwaw
Ni pa kite pèsonn panse Ke yo taka fè w vin chanje chwaw.

[Verse III]
Nou fè bri nan kanaval nan match foutbòl
Poutan bouch plen dlo lè yap boukanenn
Lè yo fin fè nou mal yo fèn bwè grenn pe djòl
Dimanch n ale legliz nan pye bondye nal bougonnen
Fè lach hen hen!!! wap gentan konnen
Yap fin achte fòs ou gratis e yap fèw ba yo monnen
Plenn na kè hm hm!!! wap toujou ret nan kwen
Lèw pwal chache tèt ou se nan magazen ou pwal promennen