San Manti • Disip

ADDED BY TIZER (MAY 16, 2016 AT 7:26 PM) 4,946 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Klere Yo
Year: 2016
Featuring: Dener Ceide
Produced by: Dener Ceide
Lyrics by: Dener Ceide

[Intro]
Ayiti cheri
Kouman nou ye?
Nou se dISIP
 
[Verse 1]
Sonje nan lekòl m te konn etidye
Jan anpil nan zansèt nou yo tonbe
Jodi a m kab pèdi kèk zanmi
Akoz de verite m pral di
Gen lontan m ap gade pèp la k ap peri
Si m pa di yon mo, m pap santi m anpè
Woyo

Junior Roy, zanmi m
 
Dener Ceide pale pou pèp ou a
 
[Verse 2]
Jodi a an nou pale de peyi
Sa k lakoz nou ap soufri
Sa k fè timoun nou yo pran lari… yè
Sa k rati bwaze lòt peyi
Woyo
Pi fò nan jèn nou yo jete yo o Brezil – Pi fò nan yo
Santiago de Chili, Santo Domingo La Plata
Pi fò nan yo lage yo lòtbò
Yo fè anil efò – non non non non
Men sistèm babilòn nan pi fò
Oh.. eya
 
Patrick Fabre…zanmi pa m

[Guitar solo]

Dener ou fou… kote w sot la a, epi w al la a
Hahahahaha!
Nou lage
 
[Chorus]
Se pa san rezon jiskaprezan n ap mande pouki
Nou toujou dèyè, nou toujou dèyè
Nou pa gen chwa ke al rekalkile rekòmanse
Repare erè pou yon demen meyè
 
[Verse 3]
Elèv yo ap aprann listwa nan FIC
Y ap etidye aprann kouman n te libere
Men pawòl la san manti
Poutan se nou k te goumen, se nou k te genyen
Nou pap ka aprann viktwa nou nan men Napoléon
Nou pyeje
 
[Chorus]
 
Se pa san rezon jiska prezan n ap mande pouki – nou mele
Nou toujou dèyè, nou toujou dèyè – gad jan nou plonje
Nou pa gen chwa ke al rekalkile rekòmanse
Repare erè pou yon demen meyè
(Dener Ceide… Hello!.. Ede m chante souple)
 
[Verse 4]
Fidèl la ap chwazi legliz pou li ale
Anvan l ale, fò l gade byen ki misyon
Men pawòl la san manti
Ki blan k ap vizite anvan l mete pye l
Nou pap ka aprann valè nou nan men Napoléon-Léon
 
[Keyboard solo]
Nou se dISIP… Onè respè
Nan leta (O o, o oOh-o)
G on pakèt nèg nwa, je yo vèt
O o o o o
Nou se diSip
Sa n ap panse pou yo
 
San manti
Si n ap chita pale fò n fè sa, fè sa - san manti
Pran destine nan men – san manti
Pa pale fò, pale byen – san manti
Yon vrè dyalòg nasyonal – san manti
Ayisyen nan tout rakwen – san manti
Destine n nan men n nan men n
 
Si n ap chita pale fò n fè sa, fè sa…o (San manti)
Pran destine n an men – san manti
Pa pale fò, pale byen – san manti
Yon vrè dyalòg nasyonal – san manti
Destine n nan men n nan men n nan men n nan men n
 
[Outro]
Si n ap chita pale fò n fè sa, fè sa, fè sa – san manti
Ici Gazzman Couleur, youn nan nou
Ayiti cheri
Yeba
San manti
Byen devlope
Â