10 Comandements • Rocher

ADDED BY JESS24 (MAY 6, 2016 AT 6:27 PM) 18,353 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2016

[Kè]
Oh anmwe eskize m si m move
M gen lontan mwen fristre sitiyasyon m pa chanje
Oh anmwe se lanmou m ap chèche
M pa ka kite sa, lage sa, fini ak sa

[Verse 1]
M dekouvri dis kòmandman pou m aplike chak moman
Lè lanmou vle mete m sou ban, mete m nan dènye ran
Mwen dekouvri yon sekrè, yon min lò m jwenn pa erè
Pa ka al pran l nan inivèsite, se daprè sa m viv m deside pataje l

[Kè]
Oh anmwe eskize m si m move
M gen lontan mwen fristre sitiyasyon m pa chanje
Oh anmwe se lanmou m ap chèche
M pa ka kite sa, lage sa, fini ak sa

[Verse 2]
Pou tout moun ki fè sèman, ki abandone santiman
Paske yo pa janm satisfè, nan lanmou yo pa fè siksè
Pou tout sa k ap fè efò, ki kwè sa ka vin miyò
Lanmou tounen yon challenge, yon pwoblèm ki pa gen solisyon

[Koral]
Lanmou se pi bèl kado Bondye ka ban nou
Mwen jwenn dis kòmandman, aplike yo tout tan

An premye avan w di l ou renmen l fò w santi l tout bon vre
Dezyèman fòk ou kwè, sispann vire je gad dèyè
Twazyèman sonje pou w padone nan moman k difisil
Fè l santi ou swaf li tout tan
W anvi l tout jan, montre l li enpòtan

[Koral]

Katriyèman, lanmou pa ka parfait paske pèsòn pa parfait
Senkyèman fòk n aksepte ke nou ka diferan
Sizyèman fò l se pi bon zanmi w
An setyèm pozisyon fò w ka fè doudou a konfyans
Yiutyèman fòw pa koute zanmi
Nevyèman ba li tout san mezi
An dènye kite lanmou jayi

[Keyboard solo]
Nou mele (4x)

Kite lanmou jayi, jayi, jayi
Kite lanmou jayi, jayi twenty four seven

Pou w ka evite soufrans, m ap konseye w pa fè dezobeyisans
Lanmou pral fè plis sans si w pran nan on lòt eksperyans
Tonbe sou dis kòmandman ki pa fasil men l nesesè
Pou relasyon mache, pou lanmou jayi nèt al kole