Foumi • Hassan TKGZ

ADDED BY GEN11 (APR 30, 2016 AT 10:14 AM) 17,352 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2016
Featuring: IG, Neidgine
Lyrics by: Hassan TKGS

Komisyon pa chay men ou dim saw pote kom chay kanmenm
Patrice Lumumba, Toussaint Louverture, Jn Jacques Dessalines, Malcom X, Ghandi, Antenor Firmin, Martin Luther King, Jean Dominique
Foumi!!! Ti kò gwo zo

[Verse 1]
Foumi siw gen zorèy pouw ka pote nouvèl
Al di Anri Kristòf ke vil okap tounen poubèl
Palè a te kraze pouki yo pat tou refèl
Men nèg isit gen plis vizyon pou yal vizite tour Eiffel
Di Desalin refòm agrè a li pa janm fèt
Yon kandida 2015 pote non l li pran defèt
Di Kenkenn li mouri pou granmesi
Paske minista yo toujou Ayiti
Menm reve'm pa janm reve telman'm pa domi
Di Jean Calvin la fin du monde rive men Jezi poko vini
Politik vin polimik
Foumi gen nouvèl pou bay Jean Dominique
(Neidjine)

[Refren]
Oh oh oh oh di yo anyen pa chanje
Di yo wa di yo pou mwen
Bagay yo vin pi mal pi mal pi mal pi mal foumi

[Verse II]
Istwa fè n konnen'n s'on bann pasaje
Tout sa'n komanse konstwi'n pral kite
E si vrèman foumi yo se mesaje
Bay nou nouvèl y'ava pote
Si w wè Carl Max pou mwen Foumi
D il yo toujou ap fè mas la tò
Foumi al kot Capois la mort tanpri
Di l pami'n pa gen brav ankò
Se p de manman papa pitit ki tap kriye apre 12 janvye
Men sanble'n ka vin plis yon lòt fwa anko tè a ta tranble
(Neidgine)

[Refren]

Oh oh oh oh di yo anyen pa chanje ee
Di yo wa di yo pou mwen...
Bagay yo vin pi mal pi mal pi mal pi mal foumi ii

[Verse III]
Nou pa ka reveye mò yo
Men souvan vye zansètan'm yo
M swete retounen'n
M bay foumi ba'n nouvèl,
Poun di baay yo vin pi di..
E'm swete sa pa detounenn
Pale de bonè plis paj dechire nan istwa'n
Solèy la toujou leve men l fè plis nwa
Chak maten nouvèl sou nouveliste
Chak mò chak viktim kidnapin yon nouvèl lis
Foumi gen nouvèl pou w pote
Depi dlo pase pa de moun li pa bwote
Latè tranble moun lote moun lote
Moun mouri se pa de kove de koze
Sak pi di a gen prevansyon ki fèt
Men pa gen reyalizasyon ki fèt
Pa konn si nou ap pey'on dèt
Foumi al di yo pou nou nou malonèt....
(Neidjine)