Lanmou An Danje • Nou-Vo

ADDED BY GEN11 (APR 28, 2016 AT 4:28 PM) 22,939 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2016

[Verse 1]
Mizik sa se pou ou m konpoze l
E m konnen tout radio pral pase l
Kò m wap tande l, separasyon sa m pat janm vle l
Men w pat konn sak renmen, se shopping tout lajounen
Men lanmou pa fèt sèlman de mwayen
Kòman w vle pou relasyon sa mache, si se pòch mwen sèlman w vize
Li gen valè men li pa bay bonè
Mwen pa ka konprann yon fanm ki kiltive, fè gason sèvi eskaly8e
Kòm ou pa wè cheri m pot limiè

[Kè]
Lanmou an danje – kounya pou w renmen fòw negosye
Lanmou an danje – neg kap depanse medam y ap chèche
Lanmou an danje – bay bèl afeksyon sa pa konte pou yo
Lanmou an danje – paske se lajan k ap kòmande

[Verse 2]
Cheri di m kilè w va pran leson pou kout ba ou pran nan men jèn gason
Si mwen k te ou m t ap Mennen vi m yon lòt fason
Ki tap met plis stabilite, aji ak matirite
Paske lanmou se responsabilite
Ou fèk konnen m ou gentan ap banm lwil
Ou pran gason pou jwèt apil
Poutant on m’a apris que l’amour n’a pas de prix
Mwen pa ka konprann yon fanm ki eduke
Ki de kalite nan on sosyete tan pou l travay pito mache bay

[Kè]

Nou-vo
Ayiti, nou vo pou mwen, mwen vo pou nou
Fred Lizaire, pipo mèsi ede m chante
Oh oh oh
Peyi a chante, chante avè m

[Verse 3]
Sa pa vle di mwen inyore ke lajan son w nesesite
Menm lè nou ba l priyorite tout santiman n vin neglije
Lè sa nou ba li tout rezon, pou met dife nan tout liezon
Sa vle di li son gwo pwazon k ap met tout moun nan division

[Hook 2]
Lanmou an danje paske tout moun yo chanje
Lanmou pa prime, se entère ki konte