Ranje Chitaw • Klass

ADDED BY VONSHI (MAR 28, 2016 AT 8:42 PM) 20,194 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Fè L Ak Tout Kè W
Year: 2016

Yepa, Pipo tout jan
Klass it is baby

[Verse 1]
Mizisyen Ayisyen n pa dwe ret bwa kwaze
Swasant an fè n pase tankou n pat ekziste
Kout chapo pou Nemours ki kreye bèl rit sa
Ki ede nou chak jou bliye, lapen avèk debra
Nou bay tout jenès nou au service du pays
Epi kou laj antre yo bliye nou jouk nou mouri
Gen yo pwovèb ki di lè w wè yon zo atè
Li te gen vyann yon lè
Atis fè je w klè li lè pou nou reyini

[Chorus]
Mizisyen Ayisyen toupatou ann ale kote nou
Valè towo andann on sosyete pou nou pa ka òganize nou
Pa tann katastwòf frape nou, pou n mache men nan kou
Si lè gen maladi se nou k remèd peyi n dwe sispann fè n pa regret

C’est la musique ki rive melanje tout klas
Chak ane se nou k fè tout yon pèp konble chanmas
Lè n kanpe kòt a kòt ak atis lòt bò dlo talan n menm jan ak yo
La seule différence est une question de drapo

[Chorus]

[Guitar solo]
Ou la la la la la la

Van tanpèt larivyè desann lanmè bon mizik klass la ki rive
Se sa, se sa manman se sa

Woy konpa
Ou ka wè l gen on lòt gou, haha

[Ritchie]
Ranje chita w – Djakout #1
Ranje chita w – kisa n ap kisa n ap fè
Ranje chita w – Nu-Look
Ranje chita w – fò n ale
Ranje chita w – Disip, Zenglen
Ranje chita w – pa gen dòmi non
Ranje chita w - Pozo lage konpa konsa

[Guitar]
Oh oh oh oh
Tu peux faire ca toi meme
Se pou sa y rayi n nan wi Ti Junior
Klass

[Ritchie]
Ranje chita w – T-Vice, Carimi
Ranje chita w – Fò nou òganize n
Ranje chita w – Kreyòl La, Harmonik, Gabèl
Ranje chita w – fò n ale
Ranje chita w – Rap kreyòl, Rasin
Ranje chita w – mizisyen toupatou rasanble, Pipo ayaman

Hey, nou bay tout san nou nan yon peyi – hm
Se nou k fè lavi mache – hm hm
Pandan yo pa respekte dwa n – hm
Gouvènman ekspwate n – hm hm
Yo pa rekonèt li kòm metye – hm
Men depi n fè sa n frape – hm hm
DGI la kolekte tax, epi pa menm gen on bon lekòl mizik nan ti peyi n nan

Pa gen sitiyasyon mizik pa jwe eya
Mizik jwe nan maryaj tankou lanmò
Menm fòw panse ak sa ti frè
Pa gen pòt ni fenèt konpa pa rantre eya
Konpa gen swasant an lap fè n danse

Si tout mizisyen nan peyi sa – hm
Ta di yo kraze on kite sa – hm hm
Kijan lavi n ta ye – hm
Strès tap fin anvayi n – hm hm
Tout sa pou n ta pwoteje – hm
Yo nou neglije – hm hm
Kòman nou vle pou n avanse, pou pwogrese kwè mwen souple sa pa ka kontinye

Pa gen sitiyasyon mizik pa jwe eya
Lè kèw kontan w danse lè wap kriye li konsole w manman
Pa gen pòt ni fenèt konpa pa rantre eya
Ay pou bagay ki nou fè gouvènman peyi n dwe n respè oh

[Guitar solo]
Oh oh oh oh
Gen bon, gen pi bon
Epi gen fè, gen byen fè tande
Ritchie fè l ankò

Ministè la kilti – ranje chita w
Ranje w tande – ranje chita w
Fò k ou pa nan sal de class – ranje chita w
Fò l nan konstitisyon an – ranje chita w
Twò eksplwatasyon – ranje chita w
Klass it is baby

Epi voye l ale
[Horns]
Hm hm


BIOGRAPHY
  • Founded on April 18th, 2012, KLASS is a new school of Haitian konpa where everyone is welcome to enroll and attend. Since its inception, clean competition, determination, and respect have been the core elements to maintaining a report card of success.

    When you ask the female fans "Where they are heading?" they reply that they are going to "KLASS". Ask the male fans, "How they function?" and they answer that they do everything with "KLASS". Finally, you ask the promoters, "What they think?" and they reply that "an event without this band will have no 'KLASS!'