Fanm • Atis Meteyer

ADDED BY VONSHI (MAR 25, 2016 AT 11:36 PM) 14,624 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2016

Gen mounn ki pran plezi di fanm se malediksyon
Paske Ev se premye mounn Ki te pran nan tantatsyon
Satan sèvi ak fanm poul te ka twonpe Samson
Pou rezon sa gen mounn ki di èske fanm se malediksyon
Moun kap di sa yo dan le bliye. Si se fanm ki fèn briye.
Yo ki siye jen lèn kriye. Ou wè fanm se lanmou li ye.

Fanm: se yo k brase lari.
Fanm: yo menm ki bay lavi.
Fanm : lanmou pou yo avi.
Fanm:Nou mérite aplodi.
Fanm: se yo k brase lari.
Fanm: yo menm ki bay lavi.
Fanm: lanmou pou yo avi fanm nou mérite aplodi yo.
Anpil lanmou pou yo. Yo mérite kado o.

Pouki w ap pale yo mal youn baw manje Yon lot baw dlo.
Bay yo menm valè kit yo isit ou lotbo dlo.
Sa kap viv paris yo.
Lè yo fè Yon bagay ki byen apresye yo pa ri yo.
Sa kap viv o Mexique sa kap a rio.
Sa kap viv anndan Kay sa kap viv nan lari yo.
Ba yo menn valè yo. Anpil lanmou pou yo.

Fanm: se yo k brase lari yo.
Fanm. Yo menm ki bay lavi.
Fanm: lanmou pou yo avi. (bis)

Pouki nap fè yo abi. Yo k anpeche rad Rabi.
Ou wè Fanm yo se lavi. N’ dwe bayo lanmou avi.
Paske fanm se yo kinanm mwen.
Fanm yo menm ki San mwem.
Fanm yo menm ki tan mwen.
Yo men ban mwen fannm.
Yo menm ki maman mwen.
Bondye pran tout tanl poul kreye men nen yo 2 sen yo.
Atis ki gen talan pran tan Nan fe desen yo.
Se nou menm gason ki pou ede yo konstwi desten yo.
Ann fon ti tan silans pou tout fanm ki gentan defen yo hmmm.
Tout sak gentan ale yo (Bis.)

Anpil lanmou pou yo.
Se yok brase lari.
Yo menm ki bay lavi.
M pa wè pouki nap bat yo.
Sou lanmè lavi a yo se bato(nou).
Fanm yo se kado. Nou dwe leve yo wo.

Yo se sous enpirasyon mwen.
L’air respirasyon mwen.
Dat ekspirasyon mwen.
Sous motivasyon mwen.
Se yo ki bay lavi lanmou pou yo avi.
Fanm. Fanm . Famm pwoteje yo.